Zanmi • Manno Charlemagne

ADDED BY ZOKLO (OCT 31, 2014 AT 1:19 PM) 16,091 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2006

[I]
Si chat konnen si rat konnen
Andui ap seche lan solèy
A kondition bò pè koulèv
Te kache jiskaske l fè zèl
Tankou w ti bebe k lan bèso
Ta kab chante kokiyoko
Siveyan va toune le do
Bèt kap ranpe p al fè zero
Lamitie lwen lamitie pre
Grandèt toujou ap diskite
Ak pasyans oun lè fò k ou byen
Il sifi ke w pa bay legen
Seremoni fèk komanse
Youn de twa kat ki restera
Eske se ou eske se mwen
Kan menm fò k la dènye vèra
Baboukèt kòm ansyen modèl
Vivi dan griyen pou manmzèl
Ki sa la k pou fè ke w sote
Se toujou a rekomanse
O kontrè na va motive
Pou n wè se ranse n tap ranse
Tounen sanpwèl san komokyèl
Fè bèl devire nan riyèl

[Refren]
Zanmi pre m pral kay zanmi lwen
Zanmi pre m pral kay zanmi lwen
Yo di zanmi lwen se lajan sere
Men zanmi pre se kouto debò
M pral wè si se vre
Zanmi pre m pral kay zanmi lwen
Zanmi pre m pral kay zanmi lwen
Yo di zanmi lwen se lajan sere
Men zanmi pre se kouto debò
Fè wè se pa vre

[II]
Chita kozman lan w kondisyon
Pou n pa bal sans oun mo kouran
Devlopman lan w conversation
Gon w plas tout a fait signifiant
La force de phrase de l’homme parlant
C’est de dire ou bien nous voulons
Que le développement sert de guide
Aux gens de mauvaises intentions
Chita kondisyon l lan prezan
Se vrè devwa youn pèp konsyan
Il faudrait ke l ankouraje
Nèg ki konprann ki vle lite
Magre tou se yo k ap boule
Je wont je se yo ki lespwa
Zanmi lwen la pou l resevwa
Tout moun lakay ap bay traka
Anfin anfin son w destriksyon
Nou chita sou malediksyon
Se pa chita ap kritike
Pwiske se kraze n ap kraze
Youn de twa kat ap repase
Baboukèt la va pi sere
Sou tèt dlo sous ava koule
Ti gout yon lò na va mande