Se Tande'm Tande • TMD

ADDED BY TIZER (OCT 30, 2014 AT 8:21 AM) 17,130 VIEWS EDIT

Genre: Zouk
Year: 2013
Produced by: TMD
Lyrics by: TMD

[Intro]
TMD
E e
Na na na na
O o
Ou ou

[Verse]
Depi mwen konnen w cheri se ou mwen damou
Vle pataje vi m avè w toulejou
Chak fwa m we w santi m’ap pèdi tèt
Lè m gen pwoblèm Konnen w pa janm twò lwen
Ou se sèl fanm ki ka konsole m lè m chagren
Siye dlo nan je m lè ti kè m fennen
Mwen te nan lari lè w vin pou lonje men banmwen
Jodia se gras a ou m'vin konn sak rele renmen

[Pre-chorus]
Manman w mèt pa vle, papa w mèt pa vle
Se pa yo k’ te ekri destine k te fè n rankontre
Zanmi w mèt pale fanmi w mèt joure
Sa pa regade m sa pa sa pa regade m

[Hook]
Se tande m'tande yo di ke n pa ka renmen
Se tande m'tande yo di ke n pa ka damou
Se tande m'tande yo di ke m pa fèt pou ou
Se tande m'tande m'tande m'tande

[Verse]
Depi m rankontre w la m'pa vle pyès lòt ke ou
M'anvi rete nan bra w pou n pa janm sispann fè lanmou
Ou se sèl zetwal ki klere chimen an mwen
Si ou pa akote m ankò m’pa menm vle wè demen
Ti rad sa fè w byen, ou konn tout sa mwen renmen
Jan ou pale avè m, jan ou pase men sou mwen
Fè mwen vle fou ou gen tout sa mwen bezwen
Jodia mwen genyen w m'pap janm kite w ale twò lwen

[Pre-chorus]

[Hook]

[Bridge]
Keyi zetwal pou ou
M'vòle lalin pou ou
Pa gen anyen ke mwen pap fè pou ou
M’bliye zanmi m pou ou
Mèt kite fanmi m pou ou
Bae, baby
Fè jalouzi pou
M'vòlè machin pou ou
Pa gen anyen ke mwen pap fè pou ou
Bliye zanmi m pou ou
Mèt kite fanmi m pou ou

[Keyboard solo]

[Vamp]
M'anvi renmen avè w cheri tout tan gen tan
M'anvi love avè w jis pou yon ti moman
M'anvi renmen avè w cheri tout tan gen tan
M'anvi love avèk ou jis pou yon ti moman

[Hook]

[Bridge]