Papa Ipap • Izolan

ADDED BY NATOU (OCT 28, 2014 AT 7:10 PM) 24,156 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: Doggy
Produced by: Kazino Beats
Lyrics by: Izolan

[Refren]
Nou se papa ipap
Nou met rap nan nivo kote ti fake rapè pa ka manyenn
So pa palem de ipap
Cause ipap se nou menm ki fè kounia tout gheto yo konnen’l
Ipap ipap 3x
Ipap nou se papa ipap

[Verse 1]
Izola 82 chancerèl
Si on rapè di l’ pa renmenm dil ale danse chanprèl
Mwè yo tout ap fè mizik pou pote twal
Pèp la fèmen je sou yo pito y’al limen pidetwal
Neg yo se fake fè moun konpran yo se meyè
Kounia yo tèlman frustre y’al pran benyenm nan simetiè
Neg yo di m pa gen talan
Tout ti neg kap fè mizik yo ta renmen vin Izolan
Ipap se mwen se li se pa ou
Fòs la sou mwen, egri ou pa fou
M wè kounia ipap kreyòl prèske atè
Tèlman zòn kap fè ipap yo nou sitire tròp gratè
Bagay yo lèd e an menm tan pòch yo vin mèg
Kote neg ki te leader yo epa n’ tounen follower
Mwen pa regret non paske kan’m nan se zo blood
Nou pa janm nan tripotay, bagay serie nou mete lòd

[Refren]

[Verse 2]
Map tande ipap depi sou Master G
A lepòk m te ti katkat mpotko ka menm reyaji
Original ak King Posse te konn bay pèp la plezi
Masters a Shaka Jams te konn preske fèm krezi
Aprè sa te gen Asrap ansanm avèk Rap Jam
Barikad kou Rockfam an solo m tou kanpe janm
Map di mèsi Barikad ki kreye’m kòm Izolan
Paske tout sa k’ pa vle wèm pèp la ba yo izonman
Chak fwa yo vle kill ipap mwen prann mwen resisite’l
Sak pa vle deal a ipap mwen prè poum elimine’l
Tout deal mwen jwenn pou ipap mwen toujou execute’l
Tout vini sou ipapm , tout peyi a aksepte’l
Gen tròp rapè ti komik tankou Tom and Jerry
Epi yo tankou mimi sou tout beat yo kouri
Rap kreyol mete Zenith, excuse moi je parle francais
Tout sak tap rablabla, dis moi que puis-je faire

[Refren]