Linyon • John Steve Brunache

ADDED BY VONSHI (OCT 23, 2014 AT 5:47 PM) 21,537 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: Chimen Limyè
Year: 1994
Lyrics by: John Steve Brunache

Men tanbou si’w tande ransanble yo souple
Gen lontan n separe tanpri fe’n jwenn rasin o
Mmm, mmm, mmm, mmm
Men tanbou si’w tande ransanble yo souple
Gen lontan n separe tanpri fe’n jwenn rasin o
Mmm, mmm, mmm, mmm
Men tanbou si’w tande ransanble yo souple
Gen lontan n separe tanpri fe’n jwenn rasin o
Mmm, mmm, mmm, mmm

Wo yo yo, yo yo yo yo yo yo yo yo yo yo yo oooy
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e

Sa fè lontan depi yo separe nou
Depi lè nou te kite tè lafrik o
Lè kolon pran nou mare tankou bèt
Pou yo te fè nou kwè ke nou pa sanble
Pou yo te fè nou kwè ke nou san valè
Se pa vre nan ginen nèg te trayi nèg
Se pawòl pou yo fè nou ret divize
Pou pa janm gen renmen pou pa gen linyon
Sa fè lontan depi yo separe nou
Divize nou pou yo ka toujou renye

Jodia nou konpran’n e nou jire
Jodia nou konpran’n e nou jire
Si nou la sèke nou sanble
Si nou sanble sèke n ka renmen
Nan renmen na va jwenn linyon, woy!
Linyon va di sa nou ye sou latè
Linyon va di sa nou ye sou latè
Linyon va di sa nou ye

[Moun nan peyi a, valè yo, bote yo, lasyans, zèv atistik yo,
Eritaj kiltirèl yo nan sivilizasyon yo, se sa ki yon nasyon,
Lanmou, linyon ki makònen lavi nan sosyete nou, sekirite ak
Lajistis ak respè dwa lavi, timoun yo, granmou yo,
Se sa ki fè yon nasyon, yon nasyon, yon nasyon]

Tout gason tout fanm peyi dayiti
Fòk nou kanpe kale je nou gade solèy
Tout granmoun ak jenn moun nan peyi a
Fòk nou kanpe pou n reklame tout dwa nou
Jire pou nou toujou kale je nou nan je tout moun
Jire pou nou toujou renmen pou’n toujou gen linyon

Jodia nou konpran’n e nou jire
Jodia nou konpran’n e nou jire
Si nou la sèke nou sanble
Si nou sanble sèke n ka renmen
Nan renmen na va jwenn linyon, woy!
Linyon va di sa nou ye sou latè
Linyon va di sa nou ye sou latè
Linyon va di sa nou ye

Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e
Iye iye iye, iye iye iye e


BIOGRAPHY
  • John Steve Brunache is a famous Haitian musician who came to prominence during the 80's and 90's. He is an influential figure who speaks on the issues of the times with such songs as "La Relev", "Chimen Limye", and "timoun yo". John Steve released his seminal album, "Chimen Limyè," in 1994 from New York City, where he moved from Haiti in self-exile due to the risks to him and his family created from the political and powerful nature of his music.