Fanm Peyi'm • Ansy Dérose

ADDED BY TIZER (OCT 15, 2014 AT 9:39 AM) 33,303 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: Ansy Dérose
Year: 1985
Lyrics by: Ansy Dérose

Tout fanm lan peyi m
Ke l marabou, ke l milatrès, ke l se nègès
Tout se bèl fanm
Ki san woujalèv, san makiyay s’on rèn solèy ki pot chalè
Ki konn travay, ki konn renmen, ki konn soufri
Se fanm lagè, fanm d’Ayiti

Si w’ap chache yon fanm pou marye. w’a gen pwoblèm pou deside
Se ke menm kote manje ra, fanm pouse kou djondjon

Lè vakans rive nan tout lari, Pòtoprens kou pwovens
Se bèl parad, se bèl istwa
Ou wè bèl yeux nwa, bèl yeux mawon,
Ou wè yeux lwil, yeux tamaren
Nègès ak dan blan, jansiv vyolèt kou kayimit
Tout se lanmou k’ap pwomennen

Tout gason ki pale fanm yo mal se gason ki pa fin nòmal
Gen malchans ki fè ke pafwa w’al tonbe sou on chòche
Chak fanm lan peyi m s’on boul dyaman k’ap pwomennen

Ala fanm yo bèl, fanm Dayiti yo bèl
Ala fanm yo bèl
Fanm sila yo gen kè, yo gen nanm ak kouray
Lanpwen fanm sou latè ki ka fanm pase sa

Ala fanm yo bèl, fanm d’Ayiti yo bèl
Ala fanm yo bèl
Ala fanm renmen

Manman nou tout se fanm
Ke l se machann, ke l se prensès, ke l malerèz, ke l milyonèz
Menm si l se yon fanm ki t’ap mache chèche ki ranmase
Si w pa konn kilè ni pou ki moun, fò n pa jije l, fò n respekte l
Se fanm peyi n, fanm d’Ayiti

Lè maten lò l desann lavi l chay sou tèt li menm si l gwo vant
Fanm sila yo fanm gen kouray, yo merite lanmou
Chak fanm lan peyi m s’on boul dyaman k’ap pwomennen

Ala fanm yo bèl, fanm d’Ayiti yo bèl
Ala fanm yo bèl
Fanm sila yo gen kè, yo gen nanm ak kouray
Lanpwen fanm sou latè ki vanyan pase sa

Ala fanm yo bèl, fanm d’Ayiti yo bèl
Ala fanm yo bèl
Ala fanm janti
Ala fanm yo dous