Temwayaj • Stanley Georges

ADDED BY TIZER (OCT 8, 2014 AT 9:27 AM) 35,505 VIEWS EDIT

Genre: Gospel
Year: 2014
Lyrics by: Stanley Georges

[Verse 1]
Men mwen Bondye, men mwen Pa
Mwen tande ou rele m, mwen rekonèt vwa w
Ak dlo nan je m, ajenouye
Pou tout tan mwen pase ap fè zafè pa m
Mwen te pran libète m, plezi te lemante m
M’te jus yon fanatik olye de yon disip
Men nan lanmou w pou mwen, nan konpasyon w pou mwen
Ou korije m, chanje wout mwen
Ou mete mwen nan plas mwen

[Chorus]
Fòk mwen di w kote Kris pran mwen
Pou pa konprann mwen te fèt moun debyen
Pa konnen pouki li renmen mwen
Sèlman mwen wè lagwa li kouvri mwen
Lagwa li kouvri mwen (ooooo)

[Verse 2]
Men mwen Bondye, men mwen Pa
Byen lontan w’ap rele m, mwen vini nan bra w
Tout vi m se te riske, poutan m’te pwoteje
Jodia mwen konprann ke se ou ki te gen kontwòl
Espri mwen reveye, enterè m yo chanje
Ou ban m yon lòt lirik, yon nouvo kantik
Mwen ba w talan mwen, mwen ba w resous mwen
Tout polemik yo fini
Jodia mwen pral renmen

[Chorus]
Fòk mwen di w kote Kris pran mwen
Pou pa konprann mwen te fèt moun debyen
Pa konnen pouki li renmen mwen
Sèlman mwen wè lagwa li kouvri mwen

[Rap]
Yon sèl defèt, move konsèy kòmanse
Se move jwèt pou alamòd ou stylish
Imoral se zanmi w, lemond ap aplodi w
Pou ka pase pou real, fòk ou fònike, fò w dwoge
Se sa ki nòmal yo di w
Men Jezi Kris te finn ansenye tout sa nou lèzòm dwe obsève
Li sakrifyel pou li efase peche n
Ban n yon lòt chans pou n zanmi Bondye pandan l’ap sanktifye n
Yon seul Dieu, yon seul verite ou bezwen kwè pou pase de lamò a lavi
Fèmen zye w, konfese w – ou gen twòp tan w’ap obeyi move mèt la
Vinn jwenn Papa w, l’ap rele w

[Chorus]
Fòk mwen di w kote Kris pran mwen
Pou pa konprann mwen te fèt moun debyen
Pa konnen pouki li renmen mwen
Sèlman mwen wè lagwa li kouvri mwen

[Bridge]
Lanmou enkonparab,
Abandone lagwa l, imilye sou yon kwa
Non ou monte pi wo pase tout renome sou tè ak nan syèl la
Lanmou enkonparab
Abandone lagwa, imilye sou yon kwa
Non ou, Jezi ouvè tout je nou nan syèl la ak anba tè a