Illusion • West-I

ADDED BY DIDIER (SEP 30, 2014 AT 6:45 PM) 22,912 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014

[Intro]
Corruption prostitution
Viòl constitution an
Kiyès ki ka bann repons ak kesyon an
Men sanble ke nou sou vie direksyon an
Solution an se fòs pou’n fè revolution pou’n chanje kòz nou
Kanpe tout polution kap bouche gòj nou
Ki fè nou gade nou wè e nou pa pale n’ pa ka leve

[Verse 1]

N’ kanpe sou de pie’n
Nou panse pou de grenn je nou
Gen’w lòt ki pote tout kwa mond la sou de grenn jenou’l
Nou panse reyalite se sa’n wè a grenn je nou
Men nou plen de a manti kap koupe venn pie nou
Kanpe pou’n gade tout otou de nou
N’ap wè valè richès nou pèdi tout otou de wout
E si n’ pa voye je gade, si n’ pa tronpe wout
Se tout peyi Haiti kap tonbe an dewout

[Chorus]
Ann al dèyè mòn yo
Ann al dekouvri sekrè nan liv yo
Gen vizaj ki pa parèt sou dlo
Pa wè avni pa menm sonje kote ‘n soti
Nap viv yon illusion yon komedi
Ki bay imaj espwa yon vi ki pral vini
Sak dòmi anba pon malgre lapli
Nou pap konprann kijan yo fè souri

L’union fait la force se sak te mision
An nou tout mete fòs pou nou chak gen mission
Pou’n pa bay demision
Pou chak grenn nan nou sispann viv nan illusion an
[2x]

[Verse 2]

Nou vini nan yon mond kote solèy pa leve ditou
Kote nou panse k’ pa ekziste poutan la vi la toujou
Kote yo wè lavi a roz san yo pa fimen pay
Lespri yo tout sou poz pandan ke vi yo sou de pay
Edikasyon se kle men l’ pa ouvri tout baryè
Yo mete pou anpeche’w wè sa kap fèt an ariè
Ak fòs yo n’ achte smart phone ak ipad
Pou sa nou ba yo lwil sèl ak lanp tèt gridap

Poutan se yo k’ met men nan pod la
Men lè manje ap separe yo pa gen plas sou tab la
Kounia fòk nou bat kat la
Li lè li tan pou n’ ouvri kè’n pou nou ka pran konsyans
Lè sa nap kite espas kote tout moun nèt ka gen on chans
Fon’w ti kite kote ki …. Pa n’al kote solèy la cho
Pandan’n alèz sou dòmi tou gen moun ka dòmi nan ma dlo
Fòn sispann di mond la ap vire an won sou nou menm
Mtap ede on prochain lè’l pran nan won sim ou menm

[Chorus]

Gen moun ki san zabri
Konbyen rèv kap viv nan dòmi
Lè’n di son’w pèp lib Kisa konsyans nou di