Jou A Rive • Team Lòbèy

ADDED BY ZOKLO (SEP 24, 2014 AT 10:34 PM) 20,812 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Produced by: Ti Ansyto

Yeah

Di yo sa nou sonnen on lòt jan
Shit, it’s Pooh Bear

[Chorus]
Jou a rive - li lè pou nou met tèt ansanm
Jou a rive - M’pap janm kite peyi’m kraze
Jou a rive - Haitien ann ale
Jou a rive - Si nou dakò ede’m chante

[Black Alex]
Moun Okap yo – nou pare
Moun Okay yo – nou pare
Moun Jeremi yo – nou pare
Si nou dakò ede’n chante – nou pare
Moun Port-de-Paix yo – nou pare
Moun St. Mark yo – nou pare
Moun Jacmel yo – nou pare

Haitien kenbe men se sèl jan nap rive pi lwen
Pou demen ka pi bien reflechi avan nou fè anyen
Lajenès la fò n’al lekòl se sèl jan Haiti ap bay gòl
Le’n rive on konte pou yo bann respè pou yo paka gade nou dròl
Avèk pasyans ak pèseverans nap rive sou yo
E sak pa vle travay yo nap priye pou yo
Haiti la perle des Antilles kite’m di’w kijan mwen santi’m
Fò’n plante rekòlte se sèl jan nap ka expòte

[Chorus]

[Pooh Bear]
Mwen bouke nou kanpe tout lòt peyi ape pase
Tout neg se depute senatè menm se pa pale
Haitien li lè li tan pou’n mete moun ki kalifye
Ki wè timoun ki bay sante
Ki wè grangrou ki bay manje
Se pa chita reve pouvwa
Se pa chita ak sa fann fwa
Neg anwo nèg anba kit ou rouj kit ou nwa
Paleman gouvènman nou bouke negosye
Jou a rive, lè a rive Haiti ann avanse

[Chorus]

Eske n’ pare pou nou wè chanjman pran on lòt jan n’ap vize pou devan
Eske’n pare sipòte rebwazman lajenès ann avan nou se yon sèl nasyon
Eske’n pare
Li lè li tan pou nou pote men
Haitien met tèt ansanm ann trase on lòt chemen
Ou konnen linion fait la fòs
Haitien leve drapo’n ann met peyi’n pi wo

[Chorus]

Maestro
Shhit