An Ayiti • MRJ

ADDED BY JESS24 (SEP 19, 2014 AT 1:23 PM) 31,596 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2012

Yeah, han......
Ou konnen kiyes ki Mrj a
Yeah okkk

[Verse 1]
Ayiti peyi zigzani peyi vag vi,
Vant a kalmi se pil ou fas tonton palmis
Pou chak betiz gon eskiz,
Biznisman ilegal rele tet yo brase yap pwofite de kriz
Mezi wonga w mezi lajan w,
Priye monte gras pa desann soeur leglise met pye li nan dlo
Leogane zonbifikasyon ekivo clown,
Ke wonga sak pi fo sou zile sa se konplo
Gen malen pase malen se kan w pran w konnen ,
Wap konn tout wout pa bwa k genyen se kan w gon monnen
Anpil fwa emergency exit sevi kom porte d’entree,
Byen ou mal,nenpot saw ye a wap rekolte saw plante
Lwijanboje ki paka pran kout kod pran kout poud ,
An ayiti se sel lanme yo paka jwenn bout
Kout kob bouche zorey li femen je l tepe bouch,
Haine ak hipocrisie afekte tout kouch

[Hook]
An ayiti plis wap mache se plis wap we ,
Gen bagay si se moun ki diw li fet ou pap kwe
An ayiti chaje pwofesyonel hustler ,
Nan kontrebann ak konbelann se la bras fet
An ayiti sa w pa ta imajine son reyalite,
Yo ofisyalize sa pou yo ta penalize
Se la yo rann enposib vin posib,
Se la ou we saw te panse k envizib

[Verse 2]
Vizyon chak moun de reyalite a depan de pozisyonnman l
E chak moun ki gon bagay poul di pale selon fonksyonnman l.
Tout sikwi syeje tout kote kob ap bwase pyeje,
Fwistrasyon koz pesonel fe kidnape DG.
Anpil oganizasyon k fome se pou jistifikasyon fon,
Anpil negosiyasyon k fet se pou likadasyon don.
Kriz nap viv yo nan avantaj yon kan npaka fe fas avek,
Sistem nan ka toujou chanje pwofil men l pap disparet.
Lwa yo plis vyole ke y aplike tout sak enpote falsifye,
Twop magouy fe pot pawol paka bay rapo klarifye.
Le pou yo fe negosiyasyon yo fe politik,
Le youn komanse yon pwoje ranplasan l pa fe swit.
Gwo pwotanta pou yo vi a woz ap bat pou l ret menm jan ,
Yo bay plis enpotans aux faits que cause solisyon pa pran tan.
Pwoblem yo pa janm atake ala baz,
Kounya nou telman gen zam nou ka atake la navaz

[Hook]

[Verse 3]
Gwo tet ap fe gwo kou ,pou fe lajan tout mwayen bon,
Fenomen kidnapin moun ou pata panse pou bokou,
Gen neg ki degize pou gen rezon le yo ka anto,
Men Elize pa vle fe gerizon san lajan anko.
Chak dram se peman konsekans enkonsekans,
Otorite lokal geri bosko sou san defans.
Le sant komesyal yo bay special rabais 10 pour 100,
Pri pwodwi yo te ogmante de 20 pour100 yon mwa d avans.
Potoprens yo fe gaz blan pran fom dizel,
Yo fe bobin fil a koud pran fom fisel,
Pou vineg blan yo vann dlo piman,
Menm consulte nan anbasad pran nan fo dokiman.
Anpil moun ki paret onet se krazed bak,
Gen neg se nan zone li pa rekonet ke lap fe zak.
Mirabo ap dekouvri st pierre pou kouvri st paul,
Chay sot sou tet li tonbe sou zepol.