Jalouzi • Suav

ADDED BY DIDIER (SEP 16, 2014 AT 5:57 PM) 29,323 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Garanti
Year: 2014

Gad jan on bann nèg jalou
Yo damou kon’w moun fou
Yo vin tounen joujou
Neg jalou pa damou

[Verse 1]
Gon’w seri de nèg ki fè jalouzi san yo pa kontrole
Yo toujou ap doute kisa mennaj yo ap fè
Dè fwa y’ap pase moun nan pa fidèl poutan se pa vre
Zanmi louvri je’w eseye konprann game sa o yeah
Gen nèg lè y’ap pran kou se lè yo pi damou
Men lè fi a poze blòdè ap tire pye

[Chorus]
Mesye sispann fè jalouzi pou granmesi
Sispann bay presyon
Sezi telefòn mande password
Mesye sispann fè jalouzi pou granmesi
Bay lanmou yon chans
Aprann fè konfians wap toujou kontan

[Verse 2]
Gen nèg ki gen rezon
Dèfwa ka yo ekzajere
Lè manzèl soti li pa janm rantre tout tan l’ap bay manti
Men pa kite jalouzi fè ‘w leve men’w sou li
Zanmi fòw reflechi pou’w pa pran nan kouri

[Chorus]

"Gen nèg ki sispek"

Gad jan on bann nèg jalou
Yo damou kon’w moun fou
Yo vin tounen joujou
Neg jalou pa damou

Li pa fè ou di’l fè
Li fidèl w’ap akize’l
Moncher ou anraje si’w di’l ou renmenn fòk ou fèl konfyans
Ou gen tout dwa’w pou ‘w fè ti jalouzi fè ti cheke sou li
Chèche konn sa lap regle san’w pa ekzajere
Si yon neg gadel ou move

[Chorus 2]
Monchè w’ trò jalou
Matin midi swa w’ap siveye fanm nan – monchè w’ trò jalou
Kamoufle nan machin ou devan travay li – monchè w’ trò jalou
Ou fè yon fo facebook pou’w kontrole’l

[Chorus 3]
Lè’w jalou ou pa damou
Ou met trust nan lanmou
Life is too short
Let’s make the best of it