Lage'm Thiotte • Zatrap

ADDED BY DIDIER (SEP 11, 2014 AT 12:10 PM) 19,617 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014

[REF]
Venez, venez
Vini m’ montre w’ sa lemonn ap chache

[LEMEB ref]
Venez monsieur
Venez madame
Vini m’ montre n’ Ayiti cheri mwen

[LEMAB verse]
Ayiti pitit solèy
Peyi twopikal
Peyi mèvèy
Mitisk, amikal
Wi n’ son kapital
Bal, kanaval, festival
Pa manke sa
Taso, griyo, pikliz, bèl fanm, wi n’ chaje sa
Zatrap vin pataje yon gwo sekrè ke l’ dekouvri
Si nou vle tande l’, souple bat bravo pou li
Ayiti se yon bèl fanm kokèt
Antyoupwèt
Bèl fòm plen payèt
Pami lòt yo se nou k’ pi chanpèt

[ERNESTO verse]
Yo ! ou wè mwen? minimòm mwen se 3
Men pami nou 3
Prefere m’ nan “bae” se 3
Lè n’ akokiye
Ou fè lespri m’ vòltije
Ba w’ ti je
Gon van libète k’ soufle
‘ka lage m’ dwat fò libète peyi fyète
Paradi lakay jazz kò w’ ka danse
Gadon w’ bèl ti peyi
Dous pou vi n’ pran plezi
Sitadèl, san sousi,
Kay «Roi Henri»

[REF]
Venez, venez
Vini m’ montre w’ bèl ti peyi mwen
Venez, venez
Vini m’ montre w’ sa lemonn ap chache

[LEMEB ref]
Venez monsieur
Venez madame
Vini m’ montre n’ Ayiti cheri mwen

[EMANOOX verse]
Manoox à toi, ma chère poupounette ohh
M’ekri mizik sa se jis pou mande w’ eskiz
Ti kòlvet gaye
Latibonit lage
Vye poulen kanyank kanyank koz lalo w’ la pa ale
Dye ak lavyèj mèsi ou gen pou vi n’ Ayiti
“la douce qui vient” lakay “perle des antilles” hey
N’a al kay tantin, kay tonton
N’a al pran anndan kè nannan Ayiti cheri

[LYWES verse]
Ti zwazo k’ap chante
Fèy bwa, van tripote n’
Vire lòlòj yon lòt kri l’ pote
An n’ al wete mete
Sik an nou n’ pral souse
Nan “Bassin bleu” bwa lanmou n’ tranpe
Iyoup, iyoup manman iyoup
Wa karese m’ 2 bò
Iyoup, iyoup manman iyoup
Ayiti se trezò n’

Lage m’ tyòt
Pase men nan tèt mwen
Lage m’ tyòt
Kite m’ jwe nan jwèt mwen
Lage m’ tyòt
Jere mannigèt mwen
Lage m’ tyòt
Manman
Lage m’ tyòt
Pase men nan tèt mwen
Lage m’ tyòt
Kite m’ jwe nan jwèt mwen
Lage m’ tyòt
Jere mannigèt mwen
Lage m’ tyòt
Manman, manman

[REF]
Venez, venez
Vini m’ montre w’ bèl ti peyi mwen
Venez, venez
Vini m’ montre w’ sa lemonn ap chache

[LEMEB ref]
Venez monsieur
Venez madame
Vini m’ montre n’ Ayiti cheri mwen

[PASKAL verse]
Lagon ti je kreve nan pòch mwen
Tou prenston, basen zim, Ayiti prè pou mwen
Chachon w’ fwaye pou m’ kole tòch mwen
Gwòt kwòs, mawenzen, gwòt èzil pran nanm mwen
M’ ta pran w’ ti poulèt mennen l’ Dam Mari
Sikre kè n’, ak konparèt jeremi
5 etwal babankou sou plaj Port Salut
Frape pòt marijan, Port à Piment, salut !

Wa kage koye w’ epi banm nannan
Lage l’ nan pat mwen
Kage kokoye w’ epi banm nannan hey
Lage l’ lage l’

[LYWES]
Tyòt
Pase men nan tèt mwen
Lage m’ tyòt
Kite m’ jwe nan jwèt mwen
Lage m’ tyòt
Jere mannigèt mwen
Lage m’ tyòt
Manman, manman

[PASKAL]
Wa kage koye w’ epi banm nannan (ye i ye i ye)
Lage l’ nan pat mwen
Kage kokoye w’ epi banm nannan hey (wo ou wo ou wo)
Lage l’ lage l’
Wa kage koye w’ epi banm nannan (ye i ye i ye)
Lage l’ nan pat mwen
Kage kokoye w’ epi banm nannan hey (wo ou wo ou wo)
Lage l’ lage l’
Lagem tyòt