Bann Zèl • Chalè

ADDED BY NATOU (AUG 19, 2014 AT 1:12 AM) 24,789 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Produced by: Manno Beats

Chalè
Roudyman - papa chacha
Manno Beatz - touch majik la
Ti Mario - Boss
Chalè

[Verse 1]
Aprè tout sa k fin pase kounia n bezwen zèl pou’n vole
Haiti peyi wozo menm lè’n pliye nou pap kase
Se mache nap mache sou yo, vanse nap vanse sou yo
Nou bezwen plis ankadreman pou frè’n yo sispann pran bato
Haiti peyi zansèt yo te etire anba men tout trèt yo
Li lè li tan pou’n met tèt ansanm pastè vodouyizan ak tout prèt yo
Haiti chaje sèvo ankò vivan, n'chaje hero.
Si’w met menw nan menm, men’w nan men’m nou ka monte piwo

[Chorus]
Bann zèl poun vole, zèl pou’n vole
Nou pral montre mond lan kisa’n ka fè
2x
Bezwen zèl – etudian bezwen zèl pou’l vole
Bezwen zèl – Comèsan bezwen zèl pou’l vole
Bezwen zèl – peyizan bezwen zèl pou’l vole
Bezwen zèl – atizan’m yo atizanm yo

Men papa men papa – hey
Men Roudy men Roudy – wo
Haiti bèl peyi – wi wi son’w bèl peyi

[Verse 2]
Se la’m fèt se la’m grandi se la pou’m viv la k gen plezi
La’m konn lanfè ak paradi, respè pou tout gran ni piti
Se la gen bèl fanm kreyol kap ban’m bon diri sos kalalou
Fanm kreyol yo bèl anfòm epi ti kè yo chaje lanmou
Mesie fòk nou sispann leve men sou fanm
Se yo menm ki manman la vi anm
9 mwa nan vant 18 mwa tete, lave pase chak jou nan mache

Nou bezwen plis plis – ankadreman pou peyizan kap travay latè
Nou bezwen plis plis – Inivèsite poun jwenn sèvo ki pou jere'n
Nou bezwen plis plis – lopital pou tout moun gen aksè la sante
Nou bezwen plis plis – sekirite pou touris antre san kè sote

[Chorus]

Delice

[Guitar Groove]

Hey (Repeat)

Manno Beats

Men go sou bò goch – konsa
Men dwat sou bò dwat – konsa
Koubi do nou (2x) – ann ann ann ale
(2x)
Vole (7x) Vole wo
Ann ann ann ale

[Chorus]

Haiti peyi trobical
Ti Mario men djaz