Tout Ghetto Yo • Fantom

ADDED BY SNEVY (AUG 14, 2014 AT 5:10 PM) 25,859 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Produced by: Tapajè Records

Yeah
Tou piti w’ap grandi
Fat Beat

[Refren]
Respè m gen nan site a se li mwen gen lasalin
Genlè menm mwen se bondye solino ak Gran ravin
Dezièm avni se pi rèd se la non mwen fè la Une
Tibwa, Matisan, Jalouzi ghetto se la m fè vi’m
Tout ghetto yo, tout tout ghetto yo – what (3x)
Mwen vle tande’n di what pou’n fè tande vwa ghetto yo

[Verse 1]
Mwen fèt premye avni papa’m montre mwen lasalin
Magloire Ambroise, rue Saint Honoré m’ pase pi fò nan vi’m
Rue Nicolas, mennenm site solèy, bonm Morni pou zanmi’m
Christalin m’al Gran Ravin, nan matisan fanm banm plezi’m
Defen Bèbet bonm kontwol Bèlè, respè ti tapajè
Depi nan basket m’ gen respè, rap ban mwen tout sektè
Ghetto a chaje ak sekrè li fòw pi modèfòkè
Depi m piti mwen s’on gangster m’ sot nan ghetto epi’m fyè
M’pap plede voye monte, mande nenpòt moun lap di’w m’ fè
Ghetto yo chaje talan se pa sèl nèg ki kenbe fè
Si’w pa bay posiblite pou ekspoze’l, kisa’w vle’l fè
Se nòmal pou’l vin bandi, kanpe dan di, tande vye frè
Sispann voye lajan bay ti klan pou mete divizyion anndan ghetto yo
Kounya nou bezwen inyon
Gad on vi se ghetto, bò lari a ou jwenn aleken
Nèg fè baz tout lajounen, yap bwè kleren, yap fimen jwen

[Refren]

[Verse 2]
M’ pa renmen vi zuzu P.V. mwen renmen Jalouzi
Pran plezi’m nan fanm ki krezi, sak renmen fè jalouzi
Savon lave ak de gallon dlo se pi bon jakouzi
Barack Obama se idòl mwen, fuck Nicolas Sarkozy
Dezièm avni fèm konn pilat, yoh malere pa milat
Fort Mercredi, Ti Bwa, Fort Touron, Dekayèt, Savann Pistach
Ou ka di tout saw vle de ghetto men jamè nèg la yo lach
Pote boure nan free country a ghetto yo chaje apach
Nan Fort Sainte Claire, Ghetto Leyann Se la m te konn wè dan fè
Mache Livana, Mache Salomon, anpil gro krim yo fè
Dèyè basyen, Delmas 2 Delmas 4, chaje bon grenn zèl kat
Pòtay St Joseph, Pòs machan, m’ pa al la se pa dat
Nan ghetto yon chachè pen konn manje a senkant (50) nèg
Wap jwenn fanm grosomodo, fanm sexy, avek fanm ki mèg
E lè yo vle imilye nou rapid nou mete cho
Demeplè Sou beat sa Fantom pap fè cho

[Refren]

Yeah
Ou pa renmenl vre!
Tout nèg ghetto yo
Kounya n se zwa nan djòl yo
A l’on mwen menm sa papa