ADDED BY JEWIPA (JUL 15, 2014 AT 8:08 PM) • 12,195 VIEWS • EDIT
Solèy la té byen wo
Ak oun pyès kaliko
Oun ti machann pasé
S-on-w vwa k-ap déchiré.
Pèsonn pa voyé jé
Pèsonn pa machandé
Oun ti machann pasé
Pèsonn pa vinn achté.
Lakay, fò-l rémonté
Dé ti fi, youn ti gason-l kité
Pa gen pratik, nanpwen la vant
Sa l-ap pot pou vant.
Kalé mònn ak pas dlo
Ak oun pyès kaliko
Pou solèy ak la pli
Pyé blanch ak maladi.
Nan dan wòch l-ap rédi
Li bouké, li pèdi
Sou wout l-ap trépasé
Anyen li pat kité
Anyen li pa poté.
Lakay, fò-l rémonté
Dé ti fi, youn ti gason-l kité
Pa gen pratik, nanpwen la vant
Sa l-ap pot pou vant.
Lyrics written by: Jean Winer PASCAL
Music: Beethova Obas
-Album: Emeline 2, Sharp Music, Haiti, 1988
-Album: Flanm, Cobalt, France 1989