Passez A La Caisse • Gabel

ADDED BY JESS24 (JUN 6, 2014 AT 7:02 PM) 18,736 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Anyen Pa Etènèl
Year: 2014
Produced by: Pachou

[Verse]
Nou gen 2 zan renmen
Mwen fè tout sa m kapab pou pa janm manke anyen
Men cheri fò w eksplike m
Pouki ou pa janm vle pou nou karese

[Chorus]
Jou a rive se lè pou peye
Sa fè de zan nou renmen ou pa janm banm anyen
Chak lè m’ mande ou pa janm pare
Ou toujou ap demake
Jodia fòk ou pase à la caisse

[Verse]
Ou pa janm vle sòti
Pou mwen w toujou busy
Poutan ak zanmi w toujou ap pati
Men cheri m'pa enbesil
Pou jan w fè lavi mwen difisil

[Chorus]
Jou a rive se lè pou peye
Sa fè de zan nou renmen ou pa janm banm anyen
Chak lè m mande ou pa janm pare (fò w pase)
Ou toujou ap demake
Jodia fòk ou pase à la caisse

[Horns]
Joseph van ap soufle epi w'ap swe. Ou malad?
Franco Dolce

[Guitar groove]
Ohhh ahhh...
Fat Junior Orijinal

[Verse]
Mwen pase tout tan m ap fè tout sa w vle
Jodi a fòk ou banm sa’m merite cheri
Pase, pase à la caisse
Blakawout se mwen, lè w grangou se mwen
Avèk mwen ou pa janm manke anyen baby
Pase, pase à la caisse
Passez à l'économat

[Chorus]
Fò w peye, cheri fò w peye
Sa fè lontan m’ap ret tann, w’ap fè m tounen pwatann
Fò w peye, baby fò w peye
Mwen sou ling nan m’ap tann, pa di m ou pa konprann

[Pre-chorus]
Fanmi w gen problèm – mwen la
Zanmi w gen lanmò - mwen la
Fò w pase, pase à la caisse
Oh, lwaye pou w peye – mwen la
Liv pou w etudye – mwen la
Cheri fò w pase, pase à la caisse
Passez à l'économat

[Chorus]
Fò w peye, cheri fò w peye
Sa fè lontan m’ap ret tann, w’ap fè m tounen pwatann
Fò w peye, baby fò w peye
Mwen sou ling nan m’ap tann, pa di m ou pa konprann

[Guitar groove]
Epi Ti Joel TJ, men Bob Doll
Ohhh ahhhh...
Epi Gabel refè l

[Keyboard groove]
Petit Pachou
À ces mots, je pe

Jay Lay Back

[Rap]
Yep, yep
Pou mizè m'konnen m pase - Fò w pase
Pou ba w tout sa w merite - Fò w pase
A machè fò w delivre
Cheri, pase à la caisse

[Keyboard groove]

Wouy wouy wouy
Mass Design machann gaz pa souse dwèt

[Rap]
Lay Back
Sa fe 2 zan nou renmen - Fò’w pase
Pou valè bil ou banmwen - Fò’w pase
Kounya fò’w rive sou mwen
Cheri, pase à la caisse

[Keyboard groove]
Alo Huguens
Le Boss

[Pre-chorus]
Pou fè pedicure, mwen la
Pou fè manicure, mwen la
Fò’w pase, pase à la caisse
Oh lè pou pwovizyon, mwen la
Menm pentire kay
Cheri fò w pase, pase à la caisse
Passez à l'économat

[Chorus]
Fò w peye, cheri fò w peye
Sa fè lontan m’ap ret tann, w’ap fè m tounen pwatann
Fò w peye, baby fò w peye
Mwen sou ling nan m’ap tann, pa di m ou pa konprann