Mwen Renmen Ou • Vwalib

ADDED BY TIZER (JUN 4, 2014 AT 12:35 PM) 23,864 VIEWS EDIT

Genre: Haitian Jazz
Year: 2014
Produced by: Donaldzie Théodore

[Verse 1]
Fò w pa pale pa di anyen
Fò w pa panse pa wè anyen ki mal
Fò ou rive kwè mwen
Si m'ap chante ak tout fòs mwen
Ou pral konprann kanmèm demen
Rezon k t'ap fè m pèdi tèt mwen
Mwen renmen ou

[Verse 2]
Avan m'te kwè sa pat nòmal
Mwen te ka pran sa fè skandal
Men tèt mwen "en amont," kè m "en aval"
Mwen tankou yon rèn kanaval
Pa gen pozisyon ni lokal mwen pap kriye ak tout vokal
Mwen renmen ou

[Refrain]
Mwen pap jennen si toupatou y'ap lonje dwèt sou mwen di m fou pou ou
Mwen pap regrèt menm si tout moun ta vinn bliye m kite m nan wout
Depi se ou k'ap ede m janbe kafou

[Verse 3]
Mwen pap dòmi mwen pap leve
Si nan rèv mwen ou pa gouvène
Si m ka respire m'ka pale, souf mwen se vwa w k'ap rezone
M'pap ka kanpe m'pap ka mache si m pa santi pou ou kè m ap ritme
Mwen renmen ou

[Verse 4]
M'santi g'on pouvwa k'antoure m
M'santi g'on pwisans eskòte m
Chak fwa w souri, chak fwa w gade m
Chak fwa w pran tan w pou admire m
Chak fwa w louvri bouch ou rele m, cheve m kanpe, kè m palpite
Mwen renmen ou

[Refrain]
Mwen pap jennen si toupatou y'ap lonje dwèt sou mwen di m fou pou ou
Mwen pap regrèt menm si tout moun ta vinn bliye m kite m nan wout
Depi se ou k'ap ede m janbe kafou

[Bridge]
Menm si w lwen mwen tande vwa ou
Menm si w pa pre mwen santi men ou

[Refrain]
Mwen pap jennen si toupatou y'ap lonje dwèt sou mwen di m fou pou ou
Mwen pap regrèt menm si tout moun ta vinn bliye m kite m nan wout
Depi se ou k'ap ede m janbe kafou

Mwen renmen ou
Depi se ou, k'ap ede m janbe kafou
Mwen renmen ou