Ayibobo • Freedom

ADDED BY TIZER (MAY 19, 2014 AT 2:38 PM) 41,743 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: 1804: Liberation
Year: 2004
Produced by: Ti Ansyto "Maestro" Mercier

[Intro]
Ayibobo
Anpil tan n'ap goumen
E anpil ke lut la kòmanse
Men li lè pou l fini mesye
Nèg fatige men
Ayiti...

[Verse]
Sa fè anpil tan, chak jou ou leve nan lavi di
Priye Bondye silvouplè fè pwoblèm sa a pati
'Pil tan, dife sou lari nou pè soti
Fè m pè fè pitit pou l pa jwenn kote pou l grandi
'Pil tan nou bezwen 'on mirak, fò n fè l vini
Depi ou Ayisyen ou ka rele m fanmi
'Pil tan frè ap piye frè nou di “Pouki?”
Olye w priye pou mwen, ou ta renmen m detwi

[Pre-chorus]
'Pil tan (4x)
Mwen m'wèl fè twòp tan, 'pil tan
'Pil tan fè anpil tan 'pil tan
Mwen m'wèl fè twòp

[Chorus]
Ayibobo (8x)
Bobo, Ayibobo, manman manbo, leve m pi yo
Ayibobo (3x)
Leve m pi wo
Bobo,
Ayibobo (7x)

[Verse]
Site Solèy jouk rive anba Limbé
M'gen lòv pou tout katye
Lè w tande lame libète se solda k'ap pale
Kwen lari danje w'oblike mache ak Kadaffi chaje
Priye Bondye tèt mwen pa eklate avan m'jwenn destine m
Gwo bout pwoblèm yo anfle
Planèt la banm vètij lè l'ap vire
Mantalite chanje, nèg paka viv si li pa jwenn manje
Sak vid paka kanpe
Si dlo pa jwenn rasin lan pap pouse
Yon sosyete ki ne a peri, n'fatige revolte
Nou wè twòp tan pase
Un maitre pou tout kote
Se lakay mwen pouse
Se la rasin mwen ye
Se la pou m antere

[Verse]
Sa fè anpil tan
Chak jou ou leve nan lavi di
Priye Bondye silvouplè fè pwoblèm sa a pati
'Pil tan, dife sou lari nou pè soti
Fè m pè fè pitit pou l pa jwenn kote pou l grandi
'Pil tan nou bezwen 'on mirak, fò n fè l vini
Depi ou Ayisyen ou ka rele m fanmi
'Pil tan frè ap piye frè nou di pouki
Olye w priye pou mwen, ou ta renmen m detwi

[Pre-chorus]
'Pil tan (4x)
Mwen m'wèl fè twòp tan, 'pil tan
'Pil tan fè anpil tan 'pil tan
Mwen m'wèl fè twòp

[Verse]
Moun Okap, tè Breda,
Gonayiv, Africa
Respekte sa nou refize viv konsa
Moun Okay, Jeremie, Labadie, Makaya
Konnen limyè ap tann ou nan fen koulwa
Pòtoprens, moun Kafou, tout se frè Kiskeya
Sot Fanm Pa Dra jouk rive sou ba Delmas
Respekte sa, nou refize viv konsa

[Vamp]
Nou rele chak fwa nou chante se lame libète (rpt)
(Chak swa m'fè yon priyè, nèg priye ke peyi sa a va chanje)
(Ke tout frè va kanpe ansanm pou yo ka f'on efè sou sitèm lan)
(Ou konprann..)
Nou priye chak fwa nou chante se lame libète

“Ayibobo” nou rele chak fwa nou chante se lame libète (rpt)

[Chorus]
Bobo, Ayibobo, manman manbo, leve m pi yo
Ayibobo 3x
Leve m pi wo
Bobo,
Ayibobo (7x)


BIOGRAPHY
  • Christopher Laroche, a.k.a. Freedom, was born and raised in Haiti . He started Freedom Recordz in 2003 and has been working tirelessly on production with Konvict Music, Xyion Inc ,Snoop Dogg, Macy Gray, Stacey Dash, Lil Kim, Spragga Benz, Sway from MTV, DJ Muggs of the Soul Assassins and Cypress Hill and many more. While giving back to the community with his captivating conscious music, he has also been a physical presence in his country, helping people and educating its youth in every way he can. Using the power of Freedom Recordz, to support, educate, and constructively work towards a positive change in Haiti and other third world nations.