Graduation • K-Dans

ADDED BY TIZER (MAY 17, 2014 AT 6:29 PM) 17,826 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: S.O.S.
Year: 1996

Ane sila gentan pase
Lè a rive pou n separe
Men graduation rive sou nou
Eske nou pare pou lavi?
Yon dènye fwa nou rasanble
Tout moun ansanm pou n al fete
Gen sa ki genyen dlo nan je
'Pa vle kite lyen sa a kase

Pepineks, plus de beks

[Pre-chorus]
Kounye a pa gen plezantri
Lavi ouvri 2 bra l ba nou
Se pou nou sispann dekole
Met tèt n'ansanm pou n avanse
Genyen nan nou ki pral pati chèche lavi yon lòt kote
Genyen nan nou k'ap ret isi konbat lavi pou reyisi

[Chorus]
Amitye sa a, kenbe l konsa
Pou l pa lage
Amitye sa a, kenbe l konsa
Pou l pa ale

Lekòl lage
Plus de carnets

[Chorus]
Amitye sa a, kenbe l konsa
Frè mwen, pinga w'ale
Amitye sa a kenbe l konsa (pou l pa ale)
Amitye sa a, kenbe l konsa
Sè mwen konnen m renmen w
Amitye sa a kenbe l konsa (pou l pa ale)
Amitye sa a, kenbe l konsa

Bidiyo
Tounen konpa a

[Verse 2]
Anpil ane gentan pase depi ke nou te rankontre
Genyen nan nou ki te ale
Aswè a n'ap sonje yo tou
N'ap profite pou n di mèsi a paran nou ki te ede n
A profesè n ki te gide n, ankouraje n pou n kontinye

[Pre-chorus]
Kounye a pa gen plezantri
Lavi ouvri 2 bra l ba nou
Se pou nou sispann dekole
Met tèt n'ansanm pou n avanse
Genyen nan nou ki pral pati chèche lavi yon lòt kote
Genyen nan nou k'ap ret isi konbat lavi pou reyisi

[Chorus]
Frè mwen, sè mwen pa kriye
Fòk nou ale nan lavi
Frè mwen, sè mwen
An n kenbe men pou n separe pou lavi

Frè mwen, sè mwen pa kriye
Fòk nou ale nan lavi (nan direksyon lavi)
Frè mwen (fòk nou ale)
Sè mwen (eske n pare)
An n kenbe men (pou demen)
Pou n separe (pou n fè yon bagay)
Pou lavi