Tèt A Tèt • K-Libr Mapou

ADDED BY ME (MAY 20, 2022 AT 7:45 AM) 510 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Pou Listwa
Year: 2022
Featuring: Ludas
Produced by: Dedystyl & K-Lib Mapou
Lyrics by: Ludas John Woodley Dassejour & Valckensy Dessin

[Verse 1 : K-Lib Mapou]
M vin fè yon moso listwa
Reponn prezan pou listwa
M pa vle bay defèt viktwa
M tounen vin fè kout pikwa
Si w pa p ranpe
Siksè ti nèg nwè se nan sine
M te f on kanpe
Lè m konsyan koulè m menm ak Frank Sine

Pase m te paktize ak bandi m te pito pati
M “still” ap rap pou Ayiti menm lè enpak la ta piti
M kreye posibilite pou m peye kredi “bill” m lite
M genyen vizibilite fò m kenbe kredibilite

[Verse 2 : K-Lib Mapou]
M transfòme m an lyon depi lè m sispann kwè nan sòm 23
M sispann pyon m sispann krache sou rezon janvye 23
Se ou k kreye konviksyon w
Siviv pa yon kesyon de chwa
Batay pou w chanj? kondisyon w
Mete men m?te vwa
22 zan nan rap m finalman dekouvri kiyès ki mwen
M te nimero 1 rapè k pa t janm di w l se nimero 1
Jan m te pwomèt nan Rap salad nan djwèd mwen m manje plis ke 2 très
Ke apèl an detrès, deyò mwen t al jere strès

[Verse 3: K-Lib Mapou]
Se pa t pou pòs, ni pou kras
Si rap mwen son w mouvman sosyal
Ak fòs ak konsyans de klas
M pat antre nan tout voksal
Hiphop se zam, li banm yon “Carrière de sable”
M al konstwi tèt mwen kay tonton Sam, rele m Jean Baptiste Du Sable

Pa gen Ayisyen san batay donk rape pou sa chanje
Koyeran se lèm ka gade w dwat nan je e m ka manje
Lavi trennen m atè, mizik mwen ret tèt drèt
Si siksè leve w anlè, pa kite l fè w trèt pèp

[Verse 4 : K-Lib Mapou]
Tankou yon zetwal K-Lib la pou nou, men K-Lib la pa pou nou
Sansibilite m pou nou ki sanble m se sa k fè m moun tou
K-lib pa yon mask pou m kache peche
Pwodwi l fè anpil tèt fache
Ak PHTK l te ka gache
Men l lage nan mache chèche
M fè diskisyon m pwan pozisyon piblikman donk m fè politik
M fè pwopozisyon nan gwo emisyon nan mikro fizikman ou nan mizik
M pa bezwen kandida pou m fè
Kritik pa vle di bon lidè
Lè militan m bezwen m a lapèl
M reponn prezan tankou militè

[ Verse 5 : Ludas]
M te pwan kèk nèg pou gwo rapè jouktan w fè m fèmen bèk anm
Fè transvèsal ak “hip hop” kòm “OG” m ka rele w “Beckham”

Ou vann rap sou yon fòm
Ou pa pran gan w pa pran lòd
Men yo mete w sou kote pou w pa fè bri sou “bill board”

Ou son K-lib k ap tire bon pawòl
Nan men jenès wete dwòg, ak alkòl
Sot nan Boutèy anlè malgre rekò l
Ak albòm L'Apostat ou fè lekòl

“I said thanks God” 2015 ki te mete w sou wout mwen
Lè’m t ap presipite ou te montre m jere souf kout mwen

Pou m asire larelèv 2017 ou sede m “mic” ou
An bon elèv 2019 ou fè m pataje sèn ou ak Youss
Kounya m ap “drop” sou albòm ou
“Haters” yo pral jalou
Pou jan fanatik t ap tann ou
Yo tout dakò w s on w pwa lou

Ou f on krèm rap e sak fè m pran w kòm idòl
Pou m pa janm chanje koulè rap mwen, ni fizi m zepòl

Si apre 22 an karyè pwoblèm nou “still” anpeche w dòmi
Angajman w s on w egzanp pou nou swiv, olye de rèv foli