Sa Pa Lov • Enposib

ADDED BY ZOKLO (DEC 3, 2021 AT 10:56 PM) 2,202 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2021
Lyrics by: Medgy Toussaint

[Verse]
Hmm cheri a
Ou te mande pou yon moun ki pou te pran swen ou
Ou te mande pou yon moun ki pou pwoteje ou
M tap toujou la pou ou m tap goumen pou ou
Mwen t ap pran bal pou ou san ezite

[Verse]
Hmm cheri a
Ou pase lanmou anba pye m ou chire m tankon papye
Depi m pale avè w ou babye lè m ba w manje ou baye
Tout sa mwen fè pa janm bon menm lè w gen tò m ba w rezon
M ap tou remèt demisyon m

[Chorus]
Lòv lòv gen de jan l vini fò w bliye kiyès ou ye
Lòv gen de jan l vini fò w bliye si w egziste
Lòv mwen vle a pa sa
Lòv mwen vle a pa sa
Lòv mwen vle a pa gen anyen pou wè avèk sa

[Verse]
Baby tande lavi a pa mande tout sa ou genlè pa janm reflechi
Pa di m ou bliye gen kama yon jou wa wè kisa w pèdi
Sa w voye m al fè la, sa w panse m pral fè la
Mwen panse w tap pran tan pou w bliye m
Men m wè ou afiche nèg ou byen serye

Kijan m pral di fanmi m yo kè m kraze
M t avè w nan boul figi yo – menm lè yo pat vle
Menzanmi tèt chaje avè w m te vle on bagay serye
Nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm

[Chorus]

Si m pa ka jwenn li jan mwen vle l la (2x)
M ap tou bay lanmou legen

[Keyboard]
Sa w voye m al fè la, sa w panse m pral fè la
Enposib ki la Enposib ki la yes
Sa w voye m al fè la, sa w panse m pral fè la

Oh baby jou m ap wè nou men nan lamen
M ap mache sou ou avèk kè plen
M ap f on ti bo pou ou ak trannde dan m deyò
M ap bay misye lanmen epi m tou al lakay mwen
Pou m al kriye kou timoun piti
Pou m al priye pou m bliye tout souvni
Tout fo ti kè kontan tout fo ti fè lanmou yo
On jou m a va refè men m tou bay lanmou legen

[Keyboard]
Sa w voye m al fè la, sa w panse m pral fè la

[Chorus]
Lòv lòv gen de jan l vini fo w bliye kiyès ou ye
Lòv gen de jan l vini fò w bliye si w egziste
Lòv mwen vle a pa sa
Lòv mwen vle a pa sa
Lòv mwen vle a pa gen anyen pou wè avèk sa

Kijan m pral di fanmi m yo - kè m kraze
M t avè w nan boul figi yo – menm lè yo pat vle
Menzanmi tet chaje avè w m te vle on bagay serye
Nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm


BIOGRAPHY
  • Après avoir quitté son pays natal pour Montréal, en 2012 Medgy Toussaint a crée le groupe Enposib, avec l'aide de Patrice Cave. Avec son inséparable guitariste, Nicolas Millet, le duo a comme mission de faire de leur musique leur moyen pour aller á la rencontre des gens. Inspiré des sons de leur enfance, tel Taboucombo, Systemband et Slai, ils proposent un mélange musical entre la musique haïtienne, comme le zouk et le kompa, et la musique populaire. Ils n'ont pas leur langue dans la poche et assurent á leur fan un moment riche en émotions. Nous sommes tanné d'aller voir des spectacles où le public n'est pas considéré, pourtant c'est pour eux que nous jouons. Enposib est une expérience artistique, plus que de la musique, ils refont naître l'art du spectacle et du divertissement.