Sa N'ap Fè? • Ralph Condé

ADDED BY JEWIPA (JUL 19, 2021 AT 2:39 PM) 900 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: Single.
Year: 2021
Produced by: Ralph Condé
Lyrics by: R. Condé & Jean Winer PASCAL; Music: R. Condé

Sa n’ap fè?

Sa’n vle fè ak peyi ya?

Depi’m piti m’ape tande
Libète, egalite, fratènite
Nou toujou ap pale de linite
Jodi ya, m’se pasaje, m’ap gade.

Depi lontan mo sou papye
Se listwa, tankou’w vye fab n’ap rakonte
Lè’n te fè tèt kole pou’n libere
Jodi ya, nou tout gaye, nou divize.

Lò’w touye yon frè’w
Ou ogmante doulè’w
Miltipliye mizè’w
Chatiman
Dezagreman.
Lò’w touye yon zanmi
Se tankou yon fanmi
Li lè pou sa fini
An’n bati yon lòt demen
Fò’n sispann chen manje chen.

Sitiyasyon nou agrave
Lajenès dekouraje, dezespere
An’n planifye, an nou rekalkile
Jodi ya, n’deside rekòmanse.

Lò’w touye yon frè’w
Ou ogmante doulè’w
Miltipliye mizè’w
Chatiman
Dezagreman.
Lò’w touye yon zanmi
Se tankou yon fanmi
Li lè pou sa fini
An’n bati yon lòt demen
Fò’n sispann chen manje chen.

Sa’n vle fè ak peyi ya?
Sa n’ap fè?
Sa’n vle fè ak peyi ya?
Di’m kisa n’ap fè
Sa’n vle fè ak peyi ya?
Pou’n sòti nan fon lanfè
Sa’n vle fè ak peyi ya?

Nou touye
L‘pa bay anyen
Nou kraze
L’pa bay anyen
Nou brize
L’pa bay anyen.
Oh, Non, l’pa bay anyen.

Nou bay manti
Pa bay anyen
N’aprann rayi
Pa bay anyen
Nou trayi
Pa bay anyen
Non, l’pa bay anyen.

Di’m kisa n’ap fè
Sa’n vle fè ak peyi ya?
Pou’n sòti nan fon lanfè
Sa’n vle fè ak peyi ya?

Paroles: Ralph Condé
Paroles: Jean Winer PASCAL
Musique: Ralph Condé
29 jen 2021.