Koupab • Kaï

ADDED BY PHKATHIUS1 (JUL 8, 2021 AT 6:21 PM) 2,062 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2021
Featuring: Bedjine

[Verse 1: Richard]
Eskize'm
Ou di'm n'ap kite
Men anvan'w ale
Fòk nou f'on ti chita pale
Mwen pa tankou
Lòt neg k'ap baw manti
Ki pral swete'w bòn chans
Pran pòz yo vle wè'w k'ap souri
Paske mwen pa vle wè ou k'ap pase
Avèk yon lòt k'ap trete'w pi byen pase'm
Paske mwen pa vle wè ou k'ap pase
Avèk yon lòt k'ap renmen'w pi plis pase'm
Ou pa reyalize tout sakrifis mwen fè pou ou

[Chorus]
Mwen di'w se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt tande
Ou pa gendwa ban'm chay pote
M'sèmante se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt tande
Ou pa gendwa ban'm chay pote
Se ou ki koupab

Cheri'w koupab
Demanti'm si'w kapab
Demanti'm si'w kapab

[Verse 2: Bedjine]
M'pa mande pou'w banm lò ak dyaman bebe
Ni pou'w ban'm lajan byen ke'l enpòtan
Ou maltrete'm, ou imilye'm
Ou pyetine pwòp diyite mwen
S'on'w kout wòch
Ou lage nan kè mwen bebe
Men si'w pa pran men'w w'ap wè'm k'ap pase
Avèk yon lòt k'ap trete'm pi byen pase'w
Men si'w pa pran men'w
Menm lonbraj mwen ap ekate'w
E m'pap pran tan nan vi'm pou mwen ranplase'w
Cheri'w ban'm pwoblèm
Gad jan'w kraze kè'm

[Chorus]
Se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt tande
Ou pa gendwa ban'm chay pote
M'sèmante se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt tande
Ou pa gendwa ban'm chay pote
Se ou ki koupab

Cheri'w wè la
Depi'w kite'm plonje
Fò'w kite'm naje

[Hook]
Pouki n'ap soufri
Di'm pouki n'ap soufri
Pouki n'ap soufri

[Bridge]
Se tankou on penitans
Mwen mare ak yon lanmou
Wi se yon delivrans
Lè'w jwenn yon moun konprann ou
Li pa bon, li pa bon, li pa bon
Deyò a pa bon
Li pa bon, li pa bon, li pa bon
Deyò a pa bon

Se tankou on penitans
Mwen mare ak yon lanmou
Wi se yon delivrans
Lè'w jwenn yon moun konprann ou
Li pa bon, li pa bon, li pa bon
Deyò a pa bon
Li pa bon, li pa bon

[Hook]
Pouki n'ap soufri
Di'm pouki n'ap soufri
Pouki n'ap soufri

[Chorus]
Se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt tande
Ou pa gendwa ban'm chay pote
M'sèmante se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt tande
Ou pa gendwa ban'm chay pote
Se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt tande
Ou pa gendwa ban'm chay pote