Istwa Asefi • Fantom

ADDED BY ANSY06 (MAY 29, 2021 AT 10:11 AM) 967 VIEWS EDIT

Genre: Afro/Dancehall
Album: Salute Vol. 1
Year: 2013
Lyrics by: Fantom

[Refren]
Sa Asefi pat konprann vitès ak presipitasyon pa janm antann
Gad kounya li pran kabann
Pa gen kenn gason ki vin mande l sa l ap vann
Asefi wo sefi wo gad kijan lavi w pase
Natali wo Tali wo gad ki jan avni w gache

[Verse 1]
Se istwa yon bèl tifi ke yo rele Natali
Manman l te rele Asefi li te soti Jeremi
Vin pòtoprens pou l chèche lavi
Avèk tout fòs li
San ke li pat menm ko konnen ki kote l ta pwal dòmi
Bon chans pou li l rankontre yon zanmi l te genyen lontan
Ke li pat janm wè sa te genyen plis pase menm 15 zan
Li rase souf li pou perèz li li te jwen soulajman paske zanmi an te di l l ap pran l lakay li pou nwit lan
Pakèt sou tèt men nan men yo tou 2 t ap mache
You n ap mande lòt sa w regle kijan lòt moun yo ye
Rive nan kay la li chita li mande ti gout dlo
M pwal montre w kijan lavi li ta pwal blo

[Refren]

[Verse 2]
A 2 zan daj li kite Natali nan men manman l
Ki s on enfim lè l t ap pwale a k te di l pou l pran san l
Demen l leve li di zanmi an mèsi m pwale
Zanmi an di l m nan kay la poukont mwen pito w rete
6 mwa pase li potko jwenn okenn degaje
Zanmi an ap bougonnen akèy la te vin chanje
Yon jou maten li deside zanmi an pou l kesyone
Kisa w ap fè ki fè tout bagay sa yo w posede
Zanmi an repon se sou twotwa mwen al kanpe chak swa
Ak 20 dola nenpòt gason k vini mwen pa gen chwa
M te vle di w sa
Si w vle map entegre w nan metye a
Asefi san reflechi di wi se te dènye espwa l
Jou ap pase mwa pase Asefi t ap byen bwase
Voye lajan jeremi fè bouch fanmi an ka bwase
Li deraye mande anraje tout gason se li yo vle
Fè enpridans ak lavi l dèfwa tèt li l pa pwoteje
1 an pase 2 zan pase malèz yo te kòmanse
Vomisman tèt fè mal lafyèv dèfwa konn mete l kouche
Li gen dyare l ap dechose sou li bouton pran pete
Kounya lè li al travay yo pa mande l sa li pote
Gran san l paka fè ankò
Zanmi an vin pa ba l bò
Rive menm mete l deyò
Asefi sanble ak yon mò
Malgre sa l still al travay
Li pa jwen poul tou li pa jwenn pay
Nan makrèl li dòmi koz li pa gen kay
Ak fatig yo l ap batay
Yon jou l leve l benyen l met rad sou li pou li al bouske
Ouvè pòt la met pye l deyò rapid Asefi tonbe
Moun t ap pase kouri pran l mennen l lopital jeneral
Pou yo wè si y a ba l swen pou li f on check up jeneral
Doktè vini li pran san fè tès pipi san pran tan tcheke sik tcheke tansyon
Gad on move sansasyon
Poze l kesyon kote paran l pou yo ka ba l rezilta
Lè l mande kisa l genyen yo di madam ou gen sida (ou gen sida)

[Refren]
Sa Asefi pat konprann
Vitès ak presipitasyon pa janm antann
Gad kounya li pran kabann
Pa gen kenn gason ki vin mande l sa l ap vann
Asefi wo sefi wo gad kijan lavi w pase
Natali wo Tali wo gad kijan avni w gache