Ewo • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (MAY 29, 2021 AT 2:17 AM) 621 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: R.E.D
Year: 2012
Featuring: Rutshelle Guillaume
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Condagana, Fantom, Izolan, Bricks, Brital

[Condagana]
Nou se ewo
Nou se ewo
Noumenm ayisyen nou pwouve n se ewo
Adje wooo malgre mizè wooo
N ap kontinye goumen pou n sa rive wooo
Menm lè yo blo nou, pale sou do nou
Nou pap kite kolon blanchi sèvo nou
N ap pot fado nou, men n pap ajenou

[Fantom]
Malgre mwayen n te mèg nou te kole tèt e n te ini fòs nou
Surmonter obstak evite gwo tak lavi pou n atenn but nou
Yo bouke machande baz yo pa achte n koz yo pa konn pri nou
Kout chapo pou sila ki ale e sa ki la yo byen jere pòs tou
Pou tout degou nou jwen yo detounen n nou ret debou menm jan
Menm lè gen peu nan noumenm ki pati k ap goumen ak tout nanm devouman
Nou sot nan gwo ras nan gran lakou
Yo genyen 2 fas nou wè yo
Nou gen san Boukman n ap modènize bwa kayiman nou se pitit vodou

[Izolan]
Chapo ba pou ayisyen ki respekte fyète yo
Goudougoudou a fin pase yo still kenbe dignite yo
Egzanp pou ti machann yo k ap goumen pou avni pitit yo
Menm lè yo san zespwa yo pran tout kalite ponya
Chofè k ap fè trafik yo solèy cho yo pa ka poze
Madanm pitit nan kay se yo y ap tann pou chodyè monte
Yo gade nou kou ewo andan geto a g on rezo
Paske n kenbe tèt nou trè wo kon Desalin kristòf ak Petyon

[Refren by condagana]
Ewo
Nou se ewo
Noumenm Ayisyen nou pwouve n se ewo
Adje woo malgre mizè woo
N ap kontinye goumen pou n sa rive wo
Menm lè yo blo nou pale sou do nou
Nou pap kite kolon blanchi sèvo nou
N ap pot fado nou, men n pap ajenou
N ap kenbe Rèd pou n rive jiskobou
Yo pap ka mare nou

[Bricks]
Sot nan tribi wayal yo fè n pase pou esklav
Yo trete n de pye sal men nan moral nou n trè brav
Yon ti machan sirèt k ap leve 4 timoun
Ou panse sa s on jwèt yon jèn pa jou ki pap fè 100 goud
Timoun ki pwal lekòl san manje
Polis k ap bay sèvis nan danje
Ti jèn k ap fin lepè san puncher
Atis k ap mouri pòv nan chante
Timoun k ap mouri san jwen sante
[...]
Li lè pou bagay sa chanje
Sa di lè w fin lekòl ou w paka à l'université
Sak goumen pou antre y ap mande pitit kiyès li ye
Tout sa k ap dirije w se dèyè kès yo ye
E sa k ap ba w espwa mèt kwè m se sou vitès yo ye
Y ap di nou pa sivilize
Yon mwayen pou yo ka plis divize
Yo bliye se yo k te kolonize
Ti peyi k fè byen yo maksimize
.... richès yo l ye
Lakah nou sèvo k ap gaspiye
Kolon blan payi nou pa pliye
Men nou gran nou pap nan sipliye

[Refren]

[Brital]
Respekte sa nou fè
Moutre drapo nou klè
Nou te lite pou sa nou fyè
Hip Hop nou pot limyè
An avan nou koupe wout
Sa k te devan nou double tout
An mete kran pou n choute tout
Fake nan mond lan nou pwouve nou rèd
Monkonpè gade pou w wè pa gen kapasite n
Fò n ouvri je nou pi klè yo pa ka rivalize l
No n pa gen dwa bliye l
Gade n sonje n nou tèt frèt pou tout moun k ap takinen n
Gade mo jeu de mot gade flow ki mele w depeche w n tou pale w
Òganize w amize w nan gwouv nou nou reprezante w vin lage w nan sous nou