Goumen Pou Sa W Kwè • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (APR 4, 2021 AT 12:31 PM) 923 VIEWS EDIT

Genre: Afro/Dancehall
Album: Goumen Pou Saw Kwè
Year: 2007
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Papa Katafal, Master Sun, Dade, Fantom, Dejavoo, Condagana, Brit

Pou w viv, fò w lite. Lite jiskaske souf ou koupe. Obstak ka fè w kilbite. Men si w gen volonte, ou pap tonbe. Ret kanpe ! Kanpe ! Kounye a li lè pou w goumen pou sa w kwè.

[Master Sun]
Ou konprann ou panse ak l’avenir,
Lavi g on sètenn… pafwa ki lèd tankou on pakoti
Si w ap gad kote w soti w ap wè l parèt sonb
…se pa onb
Paske kwè nan tèt pa w se kraze tonb
Pou demen nan sa w kwè a pou w eklate tankou bonm
Paske sa chat konnen rat konnen, pa di ke ou pat konnen
Pou sa w t ap goumen an se yon lit ke ou t ap mennen

[Dejavu]
N bat dlo n fè l tounnen bè e n kwè n goumen pou fè lit la miltipliye
Nan fè kole pyese pou n drop, kenbe pou n sispann pyetine
Avèk anpil prensip, kouraj tèt kana monte tab
Disiplin detèminasyon, n franchi yon lòt etap
Rete soude kwè nan mouvman an
Menm jan Allah pou mizilman an
Rete sou…kwè nan moman
Menm jan wa va fèl mistikman
M kwè lapriyè pa gen chèn li pa kase, vye frè m
Ak…pa gen èn li pa trase

[Izolan]
Nan sa w wè w ap lite a se ladan l w ap reyisi a
Menm si w wè w ap kilbite jou pa w la gen pou l rive
Jan fanmi m te konsevwa m nan lavi a se pa konsa m viv
Nan projects la m te sipoze ale legliz
Men pou mwen ret andan kay pat yon tease
Gen pretansyon na vi sa, pa stil pa m
Defann dwa m ranpli, devwa m se pwòp chwa m
Apre prizon m te pran pou game nan gen moun ki te panse mwen t ap vag nigga
Men tout pasyon m se pou rap m ap toujou drop frero

[Brital]
Si w koute presyon lavi l ap fò w fè bak
Pou progresyon pa w la fò w fè sak – ki pozitif
Ou bezwen bay gòl man, fò w fè tak
Konsa w gen pou w wè rèv ou fè enpak
Plante nan bon sezon, devan pou w rekòlte rezon
Travay di ka louvri pòt yon lòt orizon
Pinga w abandone, anyen pa di tèt ou koupe
Jan w te fèt la, se pa konsa w prale

[K-tafal]
Aaa ! Ha ! Batay la di. W anfas anpil gwo enmi. Kisa w ap fè ? W ap abandone oubyen w ap reziste ? Kisa w ap fè !?

[Fantom]
Ou fè tout viv ou t ap mennen yon pèpetyèl lit
Anfen w brebi, ou monte nenpot pyè w te fit
Kit moun t ap riw ou ret femen w pa janm aji vit
Sak fè plis bri ou konnen se yon tono vid
Ou te kwè ke se jou pa w la ki pot ko rive
Ou te kwè zetwal pa w la yon jou te gen pou l briye
Ou te kwè tout sa w antreprann nèt te gen pou mache
Ou te kwè pa gen moun ki ka fè si l pat konn sa l vle

[Bricks]
Menm jan pou kay la monte fò w poze plizye blòk
Pou peyi a tranble BC chofe nan plizye blòk
Pou vizyon m man m pa kwè ke gen meyè ke mwen
But misyon m pou manman m fò w ta yon enjenyè demen
Se pa fòt mwen si san m mele ak rap tankou se fanm ak nèg
Gen anpil fwa m te vle bay vag men gen kèk bon patnè
Ki pale avè m pou m ret soude ak rap
San èn nan kè m mwen te goumen jis pou m prouve sak laaa

[Dade]
Malgre jan sa di pou mwen m pat janm kite don m aladriv, non m aladriv
Donk tout sa m te ekri anba bouch, m mete yo tout alabri
M ap fè w konnen gen lwa k fèt pou ofanse
Goumen pou sa w kwè, panche vè ou jistan dwa a ap reseye
Nou sezi yon ofrann yo pa ofri n, nan figi tout moun
Ki pa fè ri tout moun, non, ki pa fè ri tout moun.
M avize w nigga sa w wè la poko janm tout nou
Fò w met flè atè lè n ap pase pouw akeyi n nan wout nou

[K-tafal]
Sila ki pa n ba n ospitalite san pa nwi (Yo pa nwi!) .
…
Nou pat janm nan sa se pa n
Nou te konn separe tout bagay ak frè n san di fout
Depi w te bezw on goud se pran l san oken dout
Gade jan l ye a w ap wè chak moun te wa nan peyi l
Ki gen devwa lite jouk sa kaba pou l pa an peril
Kout kanno ka tire, chapo tonbe, chwal la bite de pye devan
Ou pa gen dwa lesetonbe. En avant !!

Non ! Pa gen gad dèyè. Fè sa w dwe fè. E pa bliye : linyon fè lafòs ! An n di ak anpil fòs :
Kondagana : Si linite te pèmèt Ayiti libere…
K-tafal : Nou Barikad …
Dejavu : Nou jire pou n toujou ret soude.
Izolan : E nou kwè se nan travay…
Dade : Non, nan batay !...
Fantom : Ke n a chanje figi lakay.
Master Sun : Se devwa n pou n goumen pandan lavi nou…
Bricks : Ak tèt frèt, san bliye rasin nou…
………: Se pou sa…
Brital : Nou drese Barikad…
Young Cliff: Kont tout barikad!
[Kondagana] (2x)
Goumen pou sa w kwè s on devwa, e an menm tan li se yon dwa.
Men avantou, n pa gen lechwa. Goumen pou n sòti nan fè nwa.

(3x )Ansanm ya wè n pot laviktwa