Jiskaprezan • Barikad Crew

ADDED BY ANSY06 (APR 1, 2021 AT 11:48 AM) 697 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Jiskobou
Year: 2008
Featuring: Tania Darius, Wil-N-G
Produced by: Fred Hype
Lyrics by: Tania Darius, Fantom, Bricks, Brital, Wil-N-G

[Tania D.]
Nou gèlè bliye sin se sebòl libète pou yo
Yon jenès k ap panse pou l pote on chanjman pou yo
An nou mete pye n nan dlo pou yo
Pou yo sispan viv dozado

[Bricks]
Jiskaprezan gen moun nan prizon k nan lavi di
Sa k pa ou mal jije men lajistis nan patipri
Manman pitit toujou pwoblèm lekòl pa ka peye
Gwo toujou ap fè piti abi dwa de lòm pa respekte
Gen de bagay, li lè pou nou konprann
Nou di nou lib m still wè nou sou kont blan
Ou pata di le mot changement pa egziste pou nou
Nou kondane pou n ret konsa kiyès k ap di ase pou nou?
Pa gen lòt moun k ap fè l
Si w ap ret tann ou pap k wè l
Lè a rive pou se nou k pou di n bouke
Nou pi mal kon bann zo tèlman m wè y ap fin souse n
Paka konpran poukisa rèv tout ti jèn s on bout viza
Pwoblèm sa dwe rezoud kounya pou l pa pi mal pou nou pita
Yo tout gen foli chèf deta kisa n fout fè pou peyi sa?
Chita fè bèl pwomès bay moun pawòl anestezi
Sa pa ka demokrasi m plis wè l sanble on demagoji

[Refrain]
[Tania D]
Jiskaprezan mantalman nou anchene
Jiskaprezan nou pa konn sa ki verite
Jiskaprezan anpil moun pa ka manje
Jiskaprezan lajistis ap mal fonksyone
Yo gèlè bliye si n se senbòl libète pou yo
Yon jenès k ap panse pou l pote yon chanjman pou yo
An nou mete pye n nan dlo pou yo
Pou yo sispan viv dozado

[Fantom]
Bat chalbarik dèyè blofè yo fo lidè ak litousou
Woulibè Tout souf nan tchou yo sa ki pran n pou ti joujou
An n di aba an n defan dwa nou ayiti se vi nou tou
Revandike san bri san kont fò n sispan boule kawotchou
Lajan k bay al sere nan djakout
Fòn sispan achte chat nan makout
Si n rete kou je pete klere Ayiti ap pran nan laderout
Pa al kwè nan 6 ke 9 paske yo tou lè 2 kwochi
Sa m vle w wè peyi w ka nèf se ou k pou envesti nan li
Kouri kite l di lòtbò dlo ou kwè kichòy yo miyò
Vann tout avwa w sa w posede pandan nan je yo l se lò
Pran kantè w riske neye menm si w rive y ap depòte w
Pwòp san frè w y ap fè w peye sa ki pi chè a libète w
Ou sou tè w y ap ba w presyon
Pwòp enterè w y ap ba w baton
Ou se esklav jiskaprezan mete pye w nan dlo pou w gen chanjman
Bon tann mwen hm men jiskilè w ap kale je w
Pou w fè konnen ou se granmoun pou w fout fè y aprann respekte w

[Refrain]

[Brital]
Chak gouvènman toujou menm bagay yo k an vòg
Yo pap bannou djòb non y ap vann nou dwòg
Jiskaprezan yo still gen pwoblèm ak kòd
Peyi nou depann de moun poutan moun toujou grangou
Yo vin sou pretèks ede moun
Yo menm ankò k ap leve moun
Twòp kidnapin ki fè touris yo pè
Fò n stope krim sinon nou poko prè
Se yo k ap piye nou se yo ki pyeje nou
Yo vle devye nou yo vle dejwe nou
Y ap fè tout sa anplis de sa yo divize nou
Men pou ki koz lòt nasyon ap imilye nou
Nan lari yo gen twòp timoun sanzabri
Ayiti gen tout pwoblèm aprè lapli
M bezwen nou kwè nan tout nou se nou k demen an
Rèv nou nan tèt nou pou li n pap bouke goumen an
Li lè pou gen chanjman li lè pou n panse gran

[Refrain]