Biyorim • D-FI Powèt Revòlte & Ken-Fs

ADDED BY LILPETER3 (SEP 23, 2020 AT 10:50 PM) 1,477 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020

[Verse 1: D-Fi]
M ap pale ou de on epòk, sa k gen laj karyè m yo p ap konnen
Epòk m t ap simen rèv mwen san konnen l ta pral donnen
Epòk pi gran yo t ap bay hip hop bourad
Nan vwa Deja
Epòk nou t ap met bèl may, epòk ti monnen te ja
M pouse anba Kaz ak Lord
Yo k te aprann mwen kouplè ORS pale m de kandelam ak Baz Amò
Hip hop frape m, nan geto a m viv tout pasyon m
Pa on jou san on rim kòm si m te nan Muzion
Nan lari a drop kèk faz, pa on tèks raz
Met geto a an ekstaz, sa m tande y ap di m: yo you will be the Next Nas
M raple m lè Kaz te pastè
M raple m freestyle Bred yo
MC Klòn, Wellborn, m raple m Devastè
Rap te tout richès nou
Fason pou n vanje n sou mizè nou
Paradòks la, nou te kontan rape tristès nou
Kèk vè pou n trenke
Powèt depi sou ban lekòl
Li nòmal pou lyrics mwen distenge m
Premye sèn, premye record, depi la m konn pa m yo
Sikatris yo ret avi pou raple m konba m yo
Se te pou lapè, m t ap rape levanjil geto
Premye vèsyon mouri nan kat memwa avèk Ti Gito
R.I.P ankò, m p ap bliye janm ankourajman
Gen sipò ou bay ki gen plis valè pase lajan
Poutan gen sa k pi pwòch ki pa t menm kalkile m
Travay te met chans bò kote m, on kouplè sifi pou lavi m baskile
Fòse y admire m a chak grenn vès
Si jodi a y ap peye m pou m rap Tikris sonje a on epòk se te lenvès
Se te plis pase biatch, koule chanpay
M raple m premye son m yo te anrejistre anndan on chanm kay
Mwen m gen on pakou
2015 Paradox, 35 pase m mic
M pa konn si m te nan lakou dè gran ou nan gran lakou
M franchi etap, underground lan rekonèt mwen
Genyen menm ki te di m se fiti rap la, m te pwomèt men
Powèt Revòlte n te gen enterè lige
Se lè sa m aprann sa k makònnen moun se lide
Kèk zanmitay ki p ap dire, Rèv Ak Plim: First tape
Mas yo tonbe a chak step
Yo p ap fè ou ka kado batay pou jwenn plas ou, konba on rookie
M aprann ankese pi avanse, m se pitit Rocky
Sou do m pot chay men youn pa t rive kofre m
Refize awards hmi, m pa t la pou twofe
Fuck number one, m pa bezwen grammy pou mizik mwen
Sa satisfè m tan ke m ap viv nan kè piblik mwen
On lane aprè m residive, Bal Ou Rim grandi m
Pozisyon m klè kòm si s on pankat manif m brandi
Se ane kriz mwen tou, gen moman m pa anvi sonje
Ou ap triye vrè pami fo yo, se lè ou plonje
Evazyon pou refijye m, m wè èn menm sou katye m
Sèl God ki ka jije m, sèl lanmò ka tiye m
Karyè m pran kou, erezman Filip te la pou anpeche m met fren
Kek mwa n akouche Tempus Fugit, Mond San Refren
Se pa t plis pou kòb men pou renouvle sèman n
Ken-FS konnen ou pa t fè reskape pou ou sèlman
Sou ki ou ka konte, ou poukò w menm 100 mil fan
Team Sa Mache rap ban m on zanmi fyab
Soutni ou lè ou bite, lè m fèb ou ban m fòs
M pa janm gen dout sou, menm apre foto ou ak Boulos
Twò vrè pou game yo, pou sa m wete kò m
Byenvini nan kwonik on rapè k pa respekte nòm
Dezabiye fas on piblik, sa k fè mwàn yo se pa rad yo
M tankou real hip hop, m pa nan tele ni nan radyo
Rap se lavi m, m rape lavi m nèg
Rèv yo reyalize, premye albòm KGY
M pa t vin fè plis, rès yo se dèt, se degi
24 desanm 2019, ROD touye D-FI