St Valentin • Garcia & Richie

ADDED BY JEZISOVER (AUG 24, 2020 AT 12:47 PM) 1,360 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2020

* [Refrain]
* Gad'on chale, ban m' dlo
* Sen Valanten fè kè m' cho
* Gad'on chale, ban m' dlo
* Sen Valanten fè kè m' cho
*  
* Yes Ay
* Yes Aya
* Valanten Vanlatin Bon fèt
*  
* [Verse - Garcia]
* Jodi a se 14 fevriye, m'ap fache ave w' si w' bliye
* Se La Saint-Valentin, mwen pa vle tann demen
* Le m' louvri je m' m' wè lavi a woz
* Ou konn trè byen se lanmou ki koz
* Vin pi pre m' ti boubout, bobo m' nan dyol pyut
*  
* [Refrain]
* Gad'on chale, ban m' dlo
* Sen Valanten fè kè m' cho
* Gad'on chale, ban m' dlo
* Sen Valanten fè kè m' cho
*  
* [Verse - Garcia]
* Depi mwad jen doudou nou renmen
* Ou konn pou ou chandel ke m' limen
* Men w' janm ban m' anyen, pa menm yon ti manyen
* Jodi a se La Saint-Valentim, se pi bèl okazyon nou genyen
* Se lè pou n' fè lanmou, mwen pral simen flè sou ou o
*  
* [Richie]
* How was your day baby?
* La te pa pase si se pa byen m'ap chache
* Kòm yo di le dlo sanble men le ke m' transpire
* Nan je m' dlo ka koule
* Pou ou mwen espire enspire
* I love you, mwen renmen w'
* Each and every day
* Happy Valentine!
*  
* [Intruments & Paroles]
*  
* Sen Valanten se fet lanmou
* Flè toupatou pou moun ki damou se pi gran jou
* Pa gen mennaj m'ap ba n' lanmou
* Chouchou way chouchou way
* Pase men pran mwen
*  
* Pase men, pase men
* Doudou pa lage, pa lage mwen
* Cheri pase men sou mwen, pase pran mwen
*  
* Mwen renmen a Marie Carmelle o
* Manmzèl se fanm chans anm li ye
* Li di pou l' marye avè m'
* Fò m'al chache bwa pou li
* Mwen renmen a Marie Carmelle o
* Manmzèl se fanm chans anm li ye
* Li di pou l' marye ak'em
* Fò m'al chache bwa pou li
*  
* M'a monte anwo, sou tèt mòn kabrit o
* E m'a tire kanno, nan tout chan patat yo
* M'oblije jwenn bwa sa a, pou m pote bay bebe sa a
* Se ou Sen Valanten, ki te fè n' renmen
* Jodi a se fèt ou, jodi a se jou pa nou
* Devan la sosyete, cheri fo n' jire
*  
* Mwen renmen a Marie Carmelle o
* Manmzèl se fanm chans anm li ye
* Li di pou l' marye ak'em
* Fòk m'al chache bwa pou li
* Mwen renmen a Marie Carmelle o
* Manmzèl se fanm chans anm li ye
* Li di pou l' marye ak'em
* Fòk m'al chache bwa pou li
*  
* M'a monte anwo, sou tèt mòn kabrit o
* E m'a tire kanno, nan tout chan patat yo
* M'oblije jwenn bwa sa a, pou m pote bay bebe sa a
* Se ou Sen Valanten, ki te fè n' renmen
* Jodi a se fèt ou, jodi a se jou pa nou
* Devan la sosyete, cheri fo n' jire
*  
* Sen Valanten se fet lanmou
* Flè toupatou pou moun ki damou se pi gran jou
* Pa gen mennaj m'ap ba n' lanmou
* Chouchou way chouchou way
* Pase men pran mwen