Mwen Renmen Ou • DonaldZie Théodore

ADDED BY JEWIPA (JUN 28, 2020 AT 3:20 PM) 1,961 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: Single.
Year: 2007
Produced by: Vwalib
Lyrics by: DonaldZie Théodore And Music: DonaldZie Théodore

Mwen renmen ou

Fò’w pa pale, pa di anyen
Fò’w pa panse, pa wè anyen ki mal
Fò ou rive kwè mwen
Si m’ap chante ak tout fòs mwen
Ou pral konprann kanmèm demen
Rezon’k t’ap fè’m pèdi tèt mwen.

Mwen renmen ou.

Avan m’te kwè sa pat nòmal
Mwen te ka pran sa fè skandal
Men, tèt mwen an amon kè’m aval
Mwen tankou’w Rèn kanaval
Pa gen pozisyon ni lokal
Mwen pap kriye at tout vokal.

Mwen renmen ou

Mwen pap jennen si toupatou
Y’ap lonje dwèt sou mwen di’m fou pou w’ou
Mwen pap regrèt menm si tout moun
Ta vinn bliye’m kite’m nan wout
Depi se w’ou, k’ap ede’m janbe kafou.

Mwen pap dòmi, mwen pap leve
Si nan rèv mwen w’pa gouvène
Si’m ka respire, m’ka pale
Souf mwen se vwa’w k’ap rezone
M’ap ka kanpe, M’pap ka mache
Si’m pa santi pou w’ou kè’m ap ritme.

Mwen renmen ou

M’santi g’on’w pouvwa’k antoure’m
M’santi g’on’w pisans k’eskòte’m
Chak fwa’w souri, chak fwa’w gade’m
Chak fwa’w pran tan’w pou’w admire’m
Chak fwa’w louvri bouch ou w’rele’m
Cheve’m kanpe, kè’m palpite.

Mwen renmen ou

Mwen pap jennen si toupatou
W’ap lonje dwèt sou mwen di’m fou pou w’ou
Mwen pap regrèt menm si tout moun
Ta vinn bliye’m kite’m nan wout
Depi se w’ou, k’ap ede’m janbe kafou.

Menm si ou lwen’m, mwen tande vwa ou
Menm si’w pa pre’m, mwen santi men ou.

Mwen pap jennen si toupatou
W’ap lonje dwèt sou mwen di’m fou pou w’ou
Mwen pap regrèt menm si tout moun
Ta vinn bliye’m kite’m nan wout
Depi se w’ou, k’ap ede’m janbe kafou.

Mwen renmen ou.
Depi se w’ou, k’ap ede’m janbe kafou.
Mwen renmen ou.
Mwen renmen’w.

Pawòl ak mizik: DonaldZie Théodore