DI M' NON • JB Man

ADDED BY LYRICSSV (MAY 23, 2020 AT 11:04 AM) 1,398 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Lyrics by: LyricsSV

Voilà c'est ce qu'on appelle la réalité dòòòò
JB ti nèg pap diw dòòòò

[ Refrain ]

Pouki nou swaf chanjman
Nou pè kolabore ( Dim non )
Linyon se fòs avè l' nou pè
Kole sere ( Dim non )
Nou viv sou divizyon olye
Nou kontre men ( Dim non )
Blese n' jodi sin pa panse
Kap anpire demen ( Dim non ) [ x2 ]

[ Verse I ]

M'ase piti poum ta vin fè nou lamoral
M'ap jis raple n' peri pesi ki mete n' la
Jounen jodi yon banm politisyen imoral
Mare sosis ak kèk peyi sou
Planet la
Libèten' yo sovgade
Pou yo livre n'esklavaj la
Vle yo konnen istwa n' gen mak
Menmsi yo vle nou nan kaj la
Yo fèn vote lè eleksyon
Pou rezilta son seleksyon
Se nou k' te koz 1915 okipasyon
Engrediblite pou peyi sa m'pèdi pasyon
De 57 - 86 de père en fils
Nou wè plizyè aksyon
2004 nou pran yon kou rasis
Prouve n' te pran nan trayizon
Bref! Mpap rete sou sak pase m'pa te la
Nan momanm nan gen sak pase ki fè silans medya
Lanmò Tije yo di n' se  afrontman nou aksepte
Disparisyon E.D jiskaprezan ankèt pa revele
Anpil chèf gang pran nan kouran politisyen
Lage n' nan kriz d'état kraze ze poul jere manman pousen

[ Refrain ]

Pouki nou swaf chanjman
Nou pè kolabore ( Dim non )
Linyon se fòs avè l' nou pè
Kole sere ( Dim non )
Nou viv sou divizyon olye
Nou kontre men ( Dim non )
Blese n' jodi sin pa panse
Kap anpire demen ( Dim non ) [ x2 ]

[ Verse II ]

Pale chanjman tout lajounen
Jistis la n' anpwazonnen
Pwomès tounen im nasyonal
Nan bouch politisyen
Yo fò nan divèsyon
Fè dap piyanp nan kès leta
Konstitisyon n' andebandad
Fè lòt nasyon fè sa yo vle
Sou ti bout tè anperè a
Fè prè nan tout peyi
Kòb debloke n'pa wè pouki
Pè Simoli mouri
Pa janm tande yon plent staf katolik
Legagneur n'pap janm bliyew
Jiskaprezan ankèt disparisyonw
Pa abouti
Yo fè Pétion Rospide vin siksedew
Pou lòt konfrè, konsè ka anglouti
Ensekirite subventionné
Ekonomi vandalisé
Yo envesti plis nan chomaj
Detwi pwodiksyon nasyonal
Dim non eske nou kondane
Poun kontinye nan labou a
Boule plim poul bò maklouklou n'
Yo pran plezi lèn fè nou mal
Dim non eske nou pap sispann
Masakre pèp pou pwoteje pouvwa
Nou rezime pase l' nan mande èd
Poun anrichi boujwa
Mwen vle nou demantim Dim non
Nou fè fòtin nan krim Dim non

[ Refrain ]

Pouki nou swaf chanjman
Nou pè kolabore ( Dim non )
Linyon se fòs avè l' nou pè
Kole sere ( Dim non )
Nou viv sou divizyon olye
Nou kontre men ( Dim non )
Blese n' jodi sin pa panse
Kap anpire demen ( Dim non ) [ x2 ]