Ti Randevou • Zin

ADDED BY DIDIER (MAY 12, 2020 AT 6:58 PM) 1,248 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Kanpe Sou Yon Bit
Year: 1998

[Verse 1]
Cheri w konnen m damou w
M damou w kon yon moun fou
M anvi di w I love you, I wanna be with you
M vle di w jan m renmen ou
Di ou jan m anvi ou
An n pran on ti randevou
Pou nou ka wè doudou

[Chorus]
An n pran on ti randevou, ti randevou lanmou
Pou nou ka wè doudou – ann pran on ti randevou lanmou

[Verse 2]
Lanmou mwen gen pou ou
S on lanmou pou toujou
Li fè kè m bat pou ou pi fò jou aprè jou
Li fè m anvi wè ou li fè m anvi w toulèjou
Fè m anvi ba w lanmou pou nou fon sèl doudou

[Chorus]

[Keyboard Solo]

Cheri an n pran on ti randevou, on ti randevou lanmou
Pou m montre w sa m santi pou ou
Pou w wè jan m renmen w doudou

Ti randevou – pou m kenbe ti men w
Ti randevou – pou m rale w sou mwen
Ti randevou – pou je nan je mwen
Ti randevou – pou m di w mwen renmen w
Ti randevou – pou mwen anbrase w
Ti randevou – pou mwen karese w
Ti randevou – pou mwen ba w lanmou
Ti randevou – pou w ban mwen lanmou

[Chorus]

Ti randevou – pou m kenbe ti men w
Ti randevou – pou m rale w sou mwen
Ti randevou – pou je nan je mwen
Ti randevou – pou m di w mwen renmen w
Ti randevou – pou mwen anbrase w
Ti randevou – pou mwen karese w
Ti randevou – pou mwen ba w lanmou
Ti randevou – pou w ban mwen lanmou

[Horns]

[Keyboard Solo]

Cheri, cheri mwen anvi
M anvi fè lanmou
An n pran on randevou

[Horns]

[Chorus]

Ti randevou – pou mwen anbrase w
Ti randevou – pou w ban mwen lanmou
Ti randevou – pou m ba ou lanmou
Ti randevou – kenbe ti men w
Ti randevou – di mwen renmen w
Ti randevou – pou m karese w, dolote w
Ti randevou

[Outro]
N ap pran on ti randevou doudou
Ti randevou pou nou pale
Ti randevou pou n karese
Ban m on ti randevou
N ap pran on ti randevou doudou
Ti randevou pou n fè lanmou
Ti randevou pou nou damou
Ban m on ti randevou