Rive • Mechans-T

ADDED BY DIDIER (MAY 11, 2020 AT 11:25 PM) 1,324 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Featuring: PIC, Big Jim
Produced by: Graphly × Sousbit

[Hook]
Rap kreyòl pal m pa konn sa k rive
M ap gade l nan background m pa konn sa k rive
Menm fanatik yo pa konn sa k rive
Nou pral pouse yo hit pou n ka konn sa k rive
Rive (12x)
Tizè met men n anlè pou n ka konn sa k rive
Gangstè fè m tande baw pou n ka konn sa k rive
Rive (6x)

[Verse 1]
Yo di rap down men m kwè m konn sa k rive
Twòp hit yo bay sa k rive
Ou pa konn sa k fo sa ki vre
Sa k ap fè sakrifis sakrifye
Depi lè mwen kòmanse rape sou beat mwen pa janm derape
Mikwo nan men yo m te rape pou m dance
He yow kout pik kout brik
Tankou brikè m te mete fire pou m burn
Ann kouri dèyè sa k kopiyè
Kap kouri dèyè sak gwo biyè pou fè n mechanste
K ap ban n kout pik anba kè sa k popilè
Plede manje beat san konnen kiyès kite kwit
257 it is m ba bezwen konn kiyès ki te klik
Pou m fe hit lan m pa ka pa devan prensip lan w kaka
Depi w tande ratata ou mèt tou konn kiyès kite klik
Twòp nèg ki vle rive
Twòp talan k ap drive
Post radyo k ap prive
Aprè track sa m pral ri vre
Twòp nèg gwo kè fake blogè kap poste lè pou l fè buzz
Twòp MC pederas granmoun pa sede plas
Genlè n bliye si n ap fight pou menm kòz, hein?

[Hook]

[Verse 2]
Vini m di nou depi ki lè
Di mwen kilè n konprann kouraj
Ki te bay pou mouvman sa fout pete filè
M ap pale menm avan menm lavi te chire tenis Schiller
MC yo tap travay pou fè yo sispann trete n de ti chimè
M wè nan moman gen mwens talan men gen plis zanmitay
Jiskaprezan malerèz nan tande Easy One ak Money Mic
Sispann jere woulibè reveye w se jou li fè
Kounya game nan toutouni ou mèt konnen l pa pare pou livè
Epòk pa m yo ban n tout non yo di nou sanble bandi
Nou pa give a fuck fanatik nou yo kanpe dan di
M pa nan rèv tonnè boule m m wè nou sanble zonbi
Kounya nèg yo plis pale de jan yo ta anvi flanbe Blondedy
Bouchon pou danmijann talè boukan pitanm
Pou yo met do m atè ou mèt konnen genlè se dòmi k pran m
M pa janm nan afè moun piga vin melanje m frè
Pou lè m bay on kout pik pou w pa di se mechanste m fè

[Hook]

Woy m retounen a men vibe la
Piga pèsonn anpeche m kale kò mwen papa – woy
Ou met tou rele m pap la paske m pral reveye rap la
E ou konnen m pap ka pa la – woy
Mwen tounen a menm djab la
Pou lè rap la sonnen on lòt jan sorry pou grad la – woy
M eklate san on grenn kat ba
Fè chema Matine lan fò w wè se pa menm vayb la
M envizib senk nèg pa ka bouje m
M ka garanti w nenpòt MC pa ka touche m
Rele m mesye oubyen koule koz mwen vin pi danble
Gad on beat m ap boule
Dorenavan piga n di ke rap kreyòl pa fè yon gwo gòl san n pa choute
Brase bilyon tankou vantilatè
Si fake la lage pye y se mwen k souflete y
Wendy Baky F-quack Toby Kimberly Kripek D-fi Rockfam BC
Fè m jwe gwo pri kounya m gen plizyè strateji
Benex Kendy Team Kolabo Steevy Master Brain ak Blay-Z
Devan nou tout m wete chapo kounya m pral fè n jwenn ak jezi
Diferan lè m ap rap dife pran nan chak trap
Wi se mwen menm k ap kap
Vire van nèt pap pap MechansT PIC Big Jim
Ou pran nan kontratak
Depi m pase ou mèt tou konsidere l tankou on masak
Tout nèg bezwen drop drop yo pran nou pou makak
Yap kouri dèyè konpa men yo renmen lè n ap rap
M anvayi nèg pa back ekstraterès tchak tchak
Depi w pa dakò byen rapid w ap tande klap klap