ADDED BY DIDIER (APR 28, 2020 AT 12:37 AM) • 2,992 VIEWS • EDIT
[Verse 1]
Kote absans ou toumante m
Se lè m leve mwen pa wè ou nan kay la
Santi chalè kò ou manke m
Se lè mwen wè mwen kouche san ou nan dra
Menm si n nan telefòn tout la jounen
Sa pa anpeche pou m pa sonje w
Santi m ta genyen w tout la jounen
Bò kote m sèlman pou m ta gade w
Mwen kontan m gon moun tankou w nan vi m
Ou se sèl rezon ki fè m souri
E dè fwa, mwen santi m modi
Paske m pa pi pre pou m ka jwi w
[Chorus]
Lè ou pa la – lavi m san sans baby lè w pa la
Mwen santi m san defans baby lè ou pa la - lè ou pa la
Ou manke mwen lè ou pa la
Santi m toumante lè w pa la
Mwen pèdi gou lanmou baby lè w pa la - lè ou pa la
[Verse 2]
Tankou tout moun ki renmen
Ou ta vle wè ou tout tan bò kote mwen
Pou chalè kò w ak chalè kò mwen fè lanmou tout jounen
Pou w toujou la pou mwen
Pou m tande vwa w k ap di m ou renmen mwen
Sa fè m mal, chak jou w leve w pati
Absans ou fè tèt mwen pati oh oh baby
[Chorus]
[Bridge]
Tèlman m santi m byen lè m avè w m paka dispoze w
Paske se ak chalè kò w lanmou mwen kapab rechofe
Nan je w, mwen wè bonè m
Nan bra w, m pa konn doulè
Tanpri baby pa ale lwen mwen
[Keyboard Solo]
[Chorus]
[Outro]
Lè w pa la
Baby lè w pa la
Baby lè w pa la
Lè w pa la
Lè w pa la – pa ka manje
Baby lè w pa la – solèy pa leve
Baby lè w pa la
Lè w pa la