Ban M Verite • K-Dilak

ADDED BY DIDIER (APR 28, 2020 AT 12:04 AM) 2,800 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2020
Featuring: Misty Jean

[Chorus]
Cheri ban m verite menm lè w konnen l ap blese m
Menm si w konnen l ap fè m mal
Cheri ban m verite menm lè w konnen l ap blese m
Andan kè m mèt ap rache
Cheri ban m verite menm lè w konnen l ap blese m
Menm si w konnen l ap fè m mal
Cheri ban m verite menm lè w konnen l ap blese m

[K-dilak]
Ou mèt konfye m tout sa ou vle
Ou mèt pran m pou pi bon zanmi w
Si tout fwa ou ta twonpe m
Ban m verite n ap kase fèy n ap kouvri sa tande
Ouh oh oh oh oh way
Na kache sa tande

[Misty Jean]
Ou toujou ap mande verite aprè pou w plede repete l
Men cheri se pa sèl mwen k pou pale
Mwen santi w gon bagay w ap kache m
Èske w pa janm twonpe m
Gen kouraj pou w ban m verite
Paske m pap janm vanje
Si tout fwa m aprann g on bagay ki pase
Wi m anvi tande l wi cheri m anvi tande l
Kòd Instagram, Facebook la baby ban mwen l si m mande l
Whatsapp la tou snapchat la tou sa w panse si n pataje l
Cheri m pa vle gen sekrè antre nou
An n retabli respè antre nou anhhh
Mwen renmen w mwen renmen w mwen renmen w

[Chorus]

[K-dilak]
Mwen konn sa m merite nan lavi pa gen moun ki pafè
Lè w bay verite de ou pap gen moun ki pap fyè
M pa vle w ban m manti ou konnen k ap detwi m aprè baby baby
Sa w fè m nan ka blese m men verite a ap geri m aprè baby
M ap dolote w bo do pye w baby
M pap ba w manti pou m kokobe w baby
Mwen di w konsa m ta gade w
Zweng tengenden genden se konsa m ta gade w
Fòk nou open eye pou nou pa fè fly a
Pou lanmou n moute nan sky
Fòk ou pa ban m may a pou nou rete tie a
Pou lanmou nou toujou ap fly
Fly baby baby baby baby baby baby oh

[Keyboard Solo]
Magic oh e ankò e ankò e ankò
El Magic

[Chorus]