Lanmou Pa Konn Dyas-pora • Zenglen

ADDED BY ZOKLO (MAR 29, 2020 AT 6:00 PM) 1,328 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Do It Right
Year: 2003

[Intro]
Wey

[Verse 1]
Lavi sa a se yon flanm nan yon lanp plen gaz
Si w pa boule gason m konnen w pase raz
Istwa yon dyaspora k antre an ayiti
Nan blakawout fènwa l rankontre on bebi
Lanmou anvayi

Li retounen New-York fè taxi blòk an blòk
Fò l travay voye chèche bebi li te gentan pa ka viv san li
Maryaj pwopoze (o o) paran aksepte
Lanmou pa gen moman Pangpangpandan!

[Horns]
Sabor!

[Verse 2]
Se pa tout lè big bang vle di kè kontan
Fò w ta blese nan lang anvan w konn gou san
Rezidans aplike U.S. apwouve
Kou manmzèl vwayaje tout bagay chanje, li mande kite (oouh)

Dyaspora fin fou kriye toupatou
Manmzèl ki g on mennaj ayiti bagay pou kriye se ri w ap ri
Divòs pa lapòs avoka sèl bòs
Nan bagay sa nou nan zenglen nou di
Lanmou pa konn diaspora

[Guitar solo]

[Chorus]
Al konn sa k nan renmen pou kè w pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l fè kè senyen
Al konn sa k nan renmen pou kè w pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l fè kè senyen

Ayyy! Jènjan Ayiti toujou di djaspora anpeche l gen fanm
Djaspora ka bay tout lajan, fè kè paran kontan
Men cependant yo pa konnen
Jan djaspora yo ka trennen
Lajan ka kreye you stabilité
Lanmou toujou triomphé, nou tande

[Chorus]
Al konn sa k nan renmen pou kè w pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l fè kè senyen
Al konn sa k nan renmen pou kè w pa fè lafimen
Lanmou fè kè du bien, konsa l fè kè senyen

Ayyy! Poukisa n toujou pran kou
Lè nou tonbe damou?
Lè yo mande n sak lanmou
Nou di siwo myèl, rapadou
Nan lanmou gen St-Valentin
Konsa tou gen St-Kaseren
Si w t vle kè w sispann fè lafimen
Aprann konn sak nan renmen
W a pi byen
Al konn sa k nan renmen pou kè w pa fè lafimen

[Horns]

Men kompa
Bon nou menm nan Zenglen, nou pa vle moun rele n DyasPora
Kijan yo rele n ti mesye?
Rele n Pora nan jazz la (that s ok)
Se sou pora n chita
Twòp kou, ou wè mwen menm si m pat gen kè m te fou

[Hook]
Lanmou pa konn diaspora
Lanmou pa konn diaspora
Lanmou pa konn diaspora
Lanmou pa konn diaspora

Lanmou ka dous des fois
Des fois l san fois ni loi
Li pa care si w blanc si w nwa
Lanmou pa konn ni règ ni wa
M pa ta di w pou diaspora (Lanmou pa konn diaspora)
M pa ta di w pou Jean Herard Richard (Lanmou pa konn diaspora)
M pa ta di w pou Karim Bazaka (Lanmou pa konn diaspora)
Alevwa pou Gracia Delva

Ebyen pora, reziyen w , medam pora yo pran kou tou wi anh
Tèt chaje