Nou Pwal WeÌ€ Si Se Vre [... • Boukman Eksperyans

ADDED BY LILPETER3 (FEB 6, 2020 AT 8:43 AM) 5,978 VIEWS EDIT

Nou Pwal WeÌ€ Si Se Vre [Kanaval 2020] • Boukman Eksperyans

Genre: Kanaval
Year: 2020

Lead: demen m’ pr-ale
Sa m’a kite pou timoun yo 2 men nou pr-ale medam Sa n’ap kite pou zanfan yo
Kè: demen n' pr-ale
Sa n'ap kite pou timoun yo? 2 men nou pr-ale, kouzen ! Sa n'ap kite pou zanfan yo?
Lead 1: demen m’ pr-ale
Sa m’a kite pou timoun yo, la? Demen nou pr-ale mesye/dam Sa n’ap kite pou zanfan yo ?
Lead 2: byen viv youn ak lòt Kè: pa bay kou nan do
Lead: pale laverite Kè: twou manti pa fon
Lead: pa janm touye lavi Kè: pa gad’ anba granmoun
Kè:pa rayi lòt K'ap progrese Bondye ba-w sa w merite Pa foure dwèt w
Nan sa ki pa pou w
Kè: palmannan bay Ayia kou sou kou Sa se yon wont nasyonal
Pa fè lòt Sa w pa ta renmen yo fè w
-2-
Kè: Nago Nago e !(2 Fwa)
Lead 1: se Nasyon Nago yo ki rive!! Nasyon Nago yo ki rive
Kè: n’ap rele Nasyonal Nago
Lead 2:(pou)
Madigra k'ap fè nou pè Kè: n’ap rele Nago pou yo Nago Nago e!(2 fwa)
Lead: 1 (pou )
Palmannan kap bay pwoblèm Kè: n’ap rele Nasyon ago
Lead 2 : (pou)
Malpwòp k'ap sal lari a Kè: N’ap rele Nago pou yo
Lead 1 : (pou)
Vagabon k’ap bay presyon Kè : n'ap rele nasyon Nago
Lead 2 : (pou)
Grenn 5 kap bay pwoblèm Kè: N’ap rele Nago pou yo
-3-
Lead: nou pral wè si se vre
Devan Bondye vre!
Kè: si se vre, n' pral wè si se vre Nou pral wè si se vre
Si se vre nou pral wè si se vre Ni byen ni mal n’pa di
Ni byen ni mal, Prensip Ginen an Pitit a Dan G’B’Allah Wèdo( 2 fwa)
Lead 1: pitit a Ayida Wèdo

Kè: Nou pral wè si se vre
Lead 2: pitit a Dan G’B’Allah Wèdo -4-
Lead: Diaspora yo n’ap tann nou !! Ayayay!
Lead 1 :
Diaspora tout kote pare Pou yo vin' envesti tout bon Kè : tout moun kontan e
Lead 2:
An nou pote kole
Pou nou leve Ayiti byen wo Kè: tout moun' kontan e
Sa nou wè la
Sa k'ap pase la
Tout moun kontan e (2 fwa)
Lead 1: Ayiti dekole, Nou bloke Koripsyon Tout bon!
Lead 2: décentralisation C’est la vraie solution Tout bon!
Kè: tout moun kontan
Kè: tout moun kontan e
Sa nou wè la , sa k'ap pase la Tout moun kontan e
Sa nou wè la , sa k'ap pase la Tout moun kontan e
Lead: ochan Nago !!!
Kè: Nago O’batala e! Nago Osany Ile! Nago Badagri !

Lead 1: Nago ki rive
Kè: N-ap rele Nasyon Nago
Lead 2: (pou)
Malfrendeng k-ap divize n’ Kè: N-ap rele Nago pou yo
Kè:Nago Batala e! Nago Osany Ile ! Nago Badagri!
Lead 1: Mèt Shango ki rive Kè: n-ap rele Nasyon Nago’
Lead 2: (pou)
Moun fou kap tire ròch yo Kè:n’ap rele Nago pou yo
Lead: (pou)
Magouyè Magouyè Magouyè Kè: n’ap rele Nasyon Nago
Lead:(pou)
Malfektè san pidè yo
Kè : n'ap rele Nago pou yo
-5-
Lead 1: Nou pr-al wè si se vre
Kè: Si se vre, si se vre n’ pral wè si se vre Nou pral wè si se vre
Si se vre nou pr’al wè si se vre
Ni byen ni mal nou pa di
Ni byen ni mal, Prensip Ginen-an Pitit Dan G’B’Allah Wèdo
Nou pral wè si se vre (2 fwa)
Lead 1: pitit a Ayida Wèdo
Kè: Nou pral wè si se vre
Lead 2: Pitit a Dan G’B’Allah Wèdo

Kè: Nou pral wè si se vre Lead 1: pitit a Ayida Wèdo Kè: Nou pral wè si se vre
-5-
Lead : Wipipip (4 fwa)
(2 fwa )
Kè : Woue (4 fwa)
Amin' Amin' o ! Massala e ! (4 fwa)
Jan m'te bezwen w (5 fwa)