Mafia • Kai

ADDED BY ZOKLO (JAN 11, 2020 AT 11:37 PM) 9,599 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2020
Featuring: Kenny

[Intro]
Lòt bagay
Oh oh oh

[Verse 1]
Sa pa te dwe rive m
Mwen te twò prese pale
Lanmou revòlte
Jou aprè jou l manifeste
Sa pa te dwe rive m
Mwen te toujou sèmante
Se mwen ki sèl kòk chante
Ak yon katoouch lanmou chavire m

[Choir]
Ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa
Ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa

[Verse 2]
Ou pran m ou vire m tèt anba
Fè m bliye kiyès mwen ye
Ou fè mwen fè bagay mwen pa ta janm imajine
Ou fè m antre nan tout vis
Ou fè m bliye kiyès mwen ye
Mezanmi nan kisa m pran la

[Chorus]
Se tankou m nan mafia baby
Depi m antre m pa ka soti
Se tankou m nan mafia baby
Depi m antre m pa ka soti

Depi m antre sou kon doulè m ede m kriye konsa

Oh oh oh oh – kriye konsa
Oh oh oh oh

It’s Kenny again

[Kenny Haiti]
Woy m santi m kole wi m pran nan tole
Depi lè m tonbe damou
Ou fè m vole, ou ki kontwole m
Baby pou ou m ap fou
I say love sa soti pou l fè m mal
Lè m ap pwomennen chèche ou nan tout blòk
Pa ka mennen on vi nòmal
Tandiske avè w se kòmsi m te nan dope
Santi m an danje – hey
Tout kò m ap tranble – hey
Menm lè l mare m li anchene m
Se la m vle rete
Woy m santi m kole wi m pran nan tole
Depi lè m tonbe damou
Ou fè m vole, ou ki kontwole m
Nan kisa m pran la

[Chorus]

[Keyboard]
Kenny Kai, nou f on lòt bagay
Nou fè dekabès
Yon lòt ankò wi la

Mafyozo (4x)

Ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa
Ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa

Yo di blòdè pa konn gen bon kè
Se mache bay kou epi met atè
Kounya m ap boule limyè wouj tout tan
Mwen pa konnen ki pye pou m met devan
Ou dekontwole m

Ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa
Ou dekontwole mwen dekontwole m nan jwèt sa

Te kwè se mwen sèl ki mèt la tè
Nan fim nan se mwen sèl ki kòm aktè
Kounye a se wè m wè m ap pote flè
Lanmou sa pran kouto l pike m lan kè
Ou dekontwole m