A.N.E.L • Blaze One

ADDED BY ZOKLO (DEC 5, 2019 AT 11:00 PM) 5,859 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2019
Featuring: Wood Terrib

OG ap tout tan
Vètètè
Wood Terrib
23 15 15 4

Se yo ki koz Ayiti pa ka progrese
Se yo ki vle mantalman pou n ret anchene
K ap jwe tout jwèt pou lit la ka devye
Se yo k met gè nan mitan n divize n pou yo renye

Yo fòme Anel
Yo kreye Anel
Moun sa yo se Anel
Association National Ennemis de la Loi

M pa gen pou m bay men m gen pou m di si m oze mande chèz
M pat vle fè deba sou Anel men koze mande tèz
Pou despotis abi pouvwa nou toujou ranje syèj
Ak fòs ke n ap trete l peyi special yo ban n dlo n mande frèz
Tout on nasyon chwazi rezo pou opine
Men an fent kont sa ki pot kriz aktyalite a l domine
M wè se pa palmantè m ka di l se misyon gouvènman
Afrontman geto a geto fò n konn sous pwoblèm nan
Kiyes ki chef kiyès ki ka siyen n
Kiyès ki konn dwa n kiyès ki leta
Kiyès k ap tande kri n vre kiyès ki konn vwa n
Tout Ayisyen menm sa k avèg yo ka santi
Ke chanjman l pa fèt pou nou so pa gen anyen ki pral konstwi
Bandi kwape
E m we nou tout ap tann sa k vin aprè l
M pa vin pale de Joseph m pral eksplike n byen sa k Anel
Dayè Anel Joseph anvlòp sa l fin itilize
Si je n fèmen nou pap konprann kesyon an si n minimize l
Anel Association National Ennemis de la Loi
Plen depite senatè prezidan m ka di hors la loi
Pou nasyon an n son wonte
Nou san visyon visye n ilimite
Twòp senatè ki kidnapè anba imilite
Se la m vin wè ke pa gen youn k ap defann pèp
Ayiti l pap delivre nan tèt nasyon an chaje bann trèt
Lajistis febli lapolis flechi media menm enpalpab
Pou w vin la frè m swa w reziye w oubyen swa w enkapab
Men fò n dakò se paske nou tout reziye n
Y ekzije n tout move vi n aksepte mizè k desiye n
Ide n dezire yon anvlòp mil goud ki dwe mezire
Chak lè nou pran lari pou n al vote vye lidè k prezime
Nou pèdi tout ezans
Nou pa rann kont si ret anplas
Si nou pi mal malgre an Ayiti nou gen tout estans
Twòp fo black twòp po nwa andidan blan
Twòp fo boujwa twòp trèt makiye andidan klan
Pou kòb k ap mete nou anfas lòt mete youn nan plas lòt
Pouki n pa revandike ak zam nan men nou yo anfas zòt
Nou pap pwodwi se manje vwazen n konsome
Jiskilè n ap granmoun tèt nou menm grangou n paka kontwole
Abitan pa vle plante ou vle pati se sa k pi di a
Chomaj pral ogmante nan eksklavaj w ap wè futur w la
Yo fè n pè jete dlo yo fè n blaze kilti n
Y ap fè n fè gè Latibonit jis pou kraze diri n
Yo nan mitan n yo pa avè n nou soulèvman yo pa ka frè n
Y ap oprese nou nan afè n rann espwa k lwen an paka prè n
Nou konfonn goumen ak batay
Chak lè yo ban nou zam pou n anfas lòt nan geto a
Nou pwouve n salòp se non sa m ka bay
Ou wè nèg nan kòtèj yo se yo k kreye pil raj la
Sak fe Anel se pa bandi k sot nan vilaj la
Nou pa rann kont chak lè nou travay se pou yo
E malgre geto n ap viktim kont yo n pa ka tounen bouro
Yo fayi nan misyon yo
Yo prefere detwi tout pèp ki nan lamas tankou grapyay
Olye n travay pou n chanje kondisyon yo
Anel pa on grenn bandi l son asosyasyon
Nan tèt li w jwenn oligarchi legliz pou ramoli nasyon an

Yo kreye mizè n pou manipile n
Pou yo ka dirije n
Pou yo detwi diyite n
Ba n zam pou nou ka swiside n oh
Anel se ansanm sistèm nan
K ap goumen kont chanjman
Leve vwa nou se devwa nou
Ak san fwa nou pou n batay
Defann dwa nou malgre n grangou
Pa bay pouvwa pou grapday
Se yo pou n chanbade pou peyi n chanje
E si n vle viv an pè kont yo pou n kanpe

Se yo
Se yo
Se yo

Yo fòme Anel
Yo kreye Anel
Moun sa yo se Anel
Association National Ennemis de la Loi