5 Etwal • Zenglen

ADDED BY ZOKLO (DEC 2, 2019 AT 11:41 PM) 2,583 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: 5 Etwal
Year: 2004
Produced by: Jean H. Richard (Richie)

W asepte benyen toutouni
Epoutan w ap kache lonbrik
Ou pap ka bay tout moun manti
Yo di bout kòd rete vwayaj
Men w ka rive si w gen kouraj
Kompa deja you eritaj

Yo di n’ayez pas peur
Men yo tout pè neye
Gen sa ki di Richie
Bagay sa du pou l di
Nan ba l la groove la du
Yo tonbe nan sentu
Men lè yo pran radio
Yo tande pawòl yo
Yo jwenn mesaj yo

W asepte benyen toutouni
Epoutan w ap kache lonbrik
Ou pap ka bay tout moun manti
Yo di bout kòd rete vwayaj men w ka rive si w gen kouraj
Kompa deja you eritaj

Lè w nan biznis mizik
Fò w ka bay bon sèvis
Nou pa mesye entèl
Men n g on bon kliyantèl
Yo di n se 5 Etwal
Pa paske n general
Si Brasil, Barbancourt
Ka fè moun fè joujou
Ka fè n sou
(ak kompa wi, Pozo)

[Guitar Solo]

W a di yo nou pa jwe football
Men kompa sa nan yout peyi l ka bay gòl
Nou pa bezwen you selection national
Men sepandan yo di Zenglen 5 Etwal
W a di yo nou pa Babankou
Men sepandan kompa sa ka fè moun sou
Nou pa Babankou ni nou pa general
Pou w gen formule 5 Etwal sa
Fò vocal ou chire speaker
Fò cymbal ou comme du feu
Fò bass la wonfle wonfle wonfle
Lè w frape se bow, lè w frape se bow bow
Fò ni van w s on cyclone
Fò gita w batiman
Fò ban dèyè a a solid o

W a di yo nou pa jwe football
Men kompa sa nan yout peyi l ka bay gòl
Nou pa bezwen you selection national
Men cependant yo di Zenglen 5 Etwal
W a di yo nou pa Babankou
Men cependant kompa sa ka fè moun sou
Nou pa Babankou ni nou pa general
Pou w gen formule 5 Etwal sa
Fò vocal ou chire speaker
Fò cymbal ou comme du feu
Fò bass la wonfle wonfle wonfle
Lè w frape se bow, lè w frape se bow bow
Fò ni van w s on cyclone
Fò gita w batiman
Fò ban dèyè a a solid o
Epi fò bagèt ou nan men w wi
Bon jeune jan n ale

[Hook]
Kounya se tou pa timoun yo
Tout timoun avanse epi se
I wanna, I wanna, I wanna
I wanna, I wanna, I wanna
I wanna be the one a
I wanna be the one a
Se, I wanna, I wanna, I wanna
I wanna, I wanna, I wanna
I wanna be the one a
I wanna be the one a

Bon men ekip 5 Etwal la
Brasil, 5 Etwal la
Barbancourt, 5 Etwal la
Unibank, 5 Etwal la
General Pinochet wi papa, 5 Etwal la
Zenglen 5 Etwal la
Epi tout fanatic yo di, gad on mesye

I wanna, I wanna, I wanna
I wanna, I wanna, I wanna
I wanna be the one a
I wanna be the one a
Se, I wanna, I wanna, I wanna
I wanna, I wanna, I wanna
I wanna be the one a
I wanna be the one a

Nou refè l ankò
Brasil, 5 Etwal la
Barbancourt, 5 Etwal la
Unibank, 5 Etwal la
General Pinochet wi papa, 5 Etwal la
Zenglen 5 Etwal la
Epi tout fanatic yo di, gad on mesye