Kontwòl • Zenglen

ADDED BY ZOKLO (DEC 2, 2019 AT 12:24 AM) 4,739 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Do It Right
Year: 2003

Se mizik lage nou ka trafike
Pouki n pa f on jan pou li ka stucturé
Pou n vanse, pou nou devlope
Si mizik nan peyi n pa gen million
Se paske circuit a genyen twòp corruption
Précaution, B.S production
Ay, poutèt m ap fè deux trois goud
W ap ban m maji, w ap simen poud
Pou deux trois ti dola m fè
Ou pa ka tann m l nan lanfè
Si vin gen milyon noupral tiye youn lòt pou dan ri
An n poze kesyon eske n ko pare pou big money
Nou gen kontwol la wi, nou bezwen èd media

Lontan n te konn asiste polemik
Entre D.P., Scorpio, Septann ak Tropik
Magnifique, surtout pour le public
Chak gwoup sa yo te g on still diferan
Yo te jwe kompa , men yo pa te jwe l menm jan
Si m manti al mande Aman
Ay, jodi a m pèdi kontwol
Situation sa bouke dwòl
Moun nan mèt ap kopye w
Epi li vle rivalize w
Lè w interprete m , ou fè m onè, m respekte sa
Men lè w vle vòlè still, mwen di papa
M pa dakò sa, eya

[Guitar solo]

[Hook]
Tout priyè gen amen (Amen)
Nou priye you jou pou gen de lwa k vote
Pou abi tinèg fè n , n ap reziste
Tout priyè gen amen
Nou priye you jou pou gen de lwa k vote
Pou abi tinèg fè n , n ap reziste

[Chorus]
Ay, m bezwen kontwol sa (Nou gen kontwol sa)
Men nou bezwen èd o! (Nou gen kontwol sa)
Ministè de la culture n tande (Nou gen kontwol sa)
Media nou concerné (Nou gen kontwol sa)
Yo fè n abi vre (Nou gen kontwol sa)
Moun yo eksplwate (Nou gen kontwol sa)
Fò n jwenn kontwol sa oo (Nou gen kontwol sa)

Tout priyè gen amen (Amen)
Nou priye you jou pou gen de lwa k vote
Pou abi tinèg fè n , n ap reziste
Tout priyè gen amen
Nou priye you jou pou gen de lwa k vote
Pou abi tinèg fè n , n ap reziste

[Horns]

Woo! Nou gen kontwol sa
Zenglen viktim toutan (Nou gen kontwol sa)
Yo vòlè inspiration (Nou gen kontwol sa)
Yo mete n toutouni (Nou gen kontwol sa)
Public la nou tande (Nou gen kontwol sa)
Si pat gen Bondye (Nou gen kontwol sa)
Zenglen t ap kraze ooo (Nou gen kontwol sa)
Hello Nicky, m pèdu kontwol ou wi la

[Piano solo]

Hey tonton devan, kompa w prete a public lan di w pote l vini
Kompa w prete a, si w pa respekte mèt li remèt li
Si w konnen w pa prete kompa
Se pa avè w m ap pale, pa fè kè w sote la
Kompa w prete a, si w pa respekte mèt li remèt li
Lè ZIN jwe kompa l , se ZIN
System depoze, se System
Lè Tabou frape, se Tabou
Lè Phantoms sonnen, se Phantoms
Ti volè
Kompa w prete a, si w pa respekte mèt li remèt li
Lè Septan frape, se Septan
Lè Tropik sonnen, se Tropik
Mizik, Mizik mate, Mizik Mizik
Et ou menm fotokopi, kote pa w
Epi w vle fè polemik
Kompa w prete a, si w pa respekte mèt li remèt li
M konnen nou pral mande m kot pa Zenglen an. enh enh
Ebyen men ni (Original)

[Piano Solo]
Ou wè kompa sa k ap jwe la prete l si w vle, men respekte mèt li