FeÌ€ Sa'w Ka FeÌ€ • Anbyans

ADDED BY DIDIER (APR 15, 2014 AT 6:05 PM) 21,259 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2014
Featuring: Shabba

Okyjems fe surface again
With Anbyans

Nan lavi sa zanmi chak moun gen yon plas ke yo ka okupe
Genyen moun ki pran san yo ki pèdi tan pou yo aprann
Fò'n pa inyore yon moun ki fè intijans li devlope
Si'l ka rive sa li ye jodia se saw ka fè a li expwate

Nan lavi se konsa li ye fò'w travay pou'w rive
Se pa fè saw vle fè chache konn saw ka fè

Ou ka fè tout viw ap bourike san ou pa janm reyalize
Fòk ou oriante'w fòk ou konn sa'w vle
Se vre la vi pa bay kado fòw veye pou'w pa pran gro so
Jodi w ka fon'w gro lo demen ou tonbe nan dlo

Ti tonton
Sa'w ka fè – se pa fè sa'w vle fè
Sa'w ka fè – chèche konn sa'w ka fè
Fò'w fè sa'w ka fè

“Anbyan konpa”

[Chorus]
Fè sa'w ka fè – travay pou'w posede konsa pawòl la ye
Fè sa'w ka fè – se pa mache di'w son expèr san'w pa konn sa'w ka fè
Fè sa'w ka fè – lè sa ou tankou on vie gaga kap chache yon etwal nan yon sièl nwa
Non non non non – fè sa'w ka fè

“Korotchou man mwen yo ou pa gen van sa nan ponp nou non”
“Se pa fè bagay pou fè yo wè ou fè non “
“Fè sa'w ka fè”

Oh oh oh oh
Ye ye ye ye

[Shabba]
Do what you can do
La vi a pa yon po pouri
Ou pa ka di neg okap ap revann ..
Do what you can do
Nan lavi tonton fè sa'w ka fè
Yon bòs mason pa ka bati yon kay ak de ka fè
Do what you can do
E ti tonton nan lavi sa poze'w
Fè sa'w ka fè rèv ou va reyalize

Se pa fè saw vle fè chèche konn sa'w ka fè
La vi pa gen sa - La vi pa gen sa
La vi pa konsa - La vi pa konsa
Ou pa oblije fè eksè si'w ta vle fè suksè
Menm lè viw tou nwa travay ak espwa