Boule Lè A • Gabel

ADDED BY PHKATHIUS1 (NOV 15, 2019 AT 2:33 PM) 4,577 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019
Featuring: Baky

[Intro] 2X
Jwèt timoun fini
Bay granmoun pase

[Katalog]
Nou pa gen tan
Tout jounen'n nan stidyo n'ap travay
Tout lanwit dèyè yon mikro la n'ap met may
Lè mizik nou pran lari, fanatik yo chofe
Lè albòm djaz la lage, lari a cho

[Chorus]
Nou boule lè a
Nou kraze zònn nan
(Depi Gabel ap jwe, fanatik ap fete)
Nou boule lè a
Nou kraze zònn nan
(Kote Gabel finn jwe, fanatik yo dedouble)

[Katalog]
Pwomotè ap rele pou'n al jwe tout kote
Lè'n lage, tout moun ap rele n'ap byen pase
Lè mizik nou pran lari, fanatik yo chofe
Lè albòm djaz la lage, fanatik cho

[Chorus]
Nou boule lè a
Nou kraze zònn nan
(Depi Gabel ap jwe, fanatik ap fete)
Nou boule lè a
Nou kraze zònn nan
(Kote Gabel ap jwe, ti egri yo, ale ale hey)

Jwèt timoun fini
Bay granmoun pase

[Hook 1]
Boule lè, fanatik ap boule lè
Boule lè, men Gabel ap boule lè
Nou lage cha, lage cha
Nou lage cha, lage cha

[Hook 2]
Gabel ou fè twòp (ein hein)
Gabel ou fè twòp (wiii)
Gabel ou fè twòp (oh yes)
Gabel ou fè twòp

[Katalog]
Nou chanpyon tout festival (ein hein)
Nou pral fè'l nan kanaval (ein hein)
Nan bal, menm kakout pran bal (ein hein)
(Tout moun di Gabel a vi)

[Hook 1]
Boule lè, fanatik ap boule lè
Boule lè, men Gabel ap boule lè
Nou lage cha, lage cha
Nou lage cha, lage cha

[Baky]
Ou bezwen on djaz resan, byen kanpe
Ke tout fanm yo dèyè'l, ki djaz w'ap rele? (GABEL)
Si gen on djaz Konpa ke tout moun renmen tande
Pa gen pasel, ki djaz w'ap rele? (GABEL)
On djaz pou kraze festival, kraze bal, fèt chanpèt, yon òkès,
Ki djaz w'ap rele? (GABEL)
Fanatik yo reklame, Baky, Gabel se nou yo vle

Se nou'l ye (4X)

[Baky]
Ou bezwen on djaz resan, byen kanpe
Ke tout fanm yo dèyè'l, ki djaz w'ap rele? (GABEL)
Si gen on djaz Konpa ke tout moun renmen tande
Pa gen pasel, ki djaz w'ap rele? (GABEL)
On djaz pou kraze festival, kraze bal, fèt chanpèt, yon òkès,
Ki djaz w'ap rele? (GABEL)
Fanatik yo reklame, Baky, Gabel se nou yo vle

Se nou'l ye (4X)

[Hook 3]
Gabel lage nan figi yo
Tout ti egri yo ki t'ap radote
Gabel lage nan figi yo
Tout ti egri yo ki t'ape ranse

[Katalog]
Nou fè,  nou fè, nou fè
Nou fè twòp nan festival
Nou fè,  nou fè, nou fè
Nou fè twòp nan biznis saa

[Hook 3]
Gabel lage nan figi yo
Tout ti egri yo ki t'ap radote
Gabel lage nan figi yo
Tout ti egri yo ki t'ape ranse

[Hook 2]
Gabel ou fè twòp (ein hein)
Gabel ou fè twòp (wiii)
Gabel ou fè twòp (oh yes)
Gabel ou fè twòp

[Katalog]
Nou chanpyon tout festival (ein hein)
Nou pral fè'l nan kanaval (ein hein)
Nan bal, menm kakout pran bal (ein hein)
(Tout moun di Gabel a vi)