Le Konpa • Zenglen

ADDED BY ZOKLO (NOV 2, 2019 AT 10:00 AM) 2,878 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2013

Se sa aa, Happy 50 Konpa
Konpa
Richie, m wè sa wi
Tand on bagay

[Hook]
O,oo, o, oo Gad on sezisman
Kompa fèk gen 50 ans,
L poko menm chanje dan
O,oo, o, oo ti papa pale yo
Kompa just turned 50, figi l pako gen pli

Se en 1955
Fwa, ze, legim te 10 pou 5
You jèn gason k rele Nemours
Kreye konpa nan you lakou
Influence lan te latino
Lè sa pat ko gen anpil radio
Se epòk kisa Elsaye
Yo t ap mande Sa sa ye
Se pa premier fwa n fè listwa
N independan, n premye pèp nwa
Men gras a Nemours n f on lòt exploit
Paske se li ki ba n konpa
Chak jou ti nèg repete sa
Men yo pa janm konn vale sa
Aux âmes bien nées
La valeur n'attend point le nombre des années

[Hook]
O,oo, o, oo Gad on sezisman
Kompa fèk gen 50 ans,
L poko menm chanje dan
O,oo, o, oo ti papa pale yo
Kompa just turned 50, figi l pako gen pli

Ee, influence vin americain
Mini-jazz tonbe fè kenken
Anpil Orchestre te defile
Mizik sa ap twò long si m pran site
Parmis lesquels te gen Loups Noirs
Ambassadeurs, Shleu-Shleu, Bossa
Magnum, Skah-Shah, Tabou Combo
Difficiles, Gypsies , D.P, Scorpio
Nou pap janm ka bliye Septan
Tropicana ak Frères Dejean
Si jodi a Nemours te en vie
Nou deja wè tout sa l ta di
A la nouvelle generation
Il faut vraiment faire attention
Et il dirait surtout au gouvernement
De protéger nos talents

Bon Richie, bagay yo ta wòch sou wòch, metal sou metal wi; you pakèt medam tulututu ap chanje slogan oh cailloux sur cailloux, bon m chanje l, bagay yo brik sou brik, Dabenz lage l

Sa sa ye? Le konpa
Mezanmii, 50 ans papa, demi siècle

[Chorus]
50 ans konpa n ap fete
You eritaj Nemours kite
Selebre woy, selebre woy
Men avan chanpay pete
Gen ti kesyon ki t ap poze, oo
M pral bay repons yo

50 ans konpa ap flote
Kijan l fè poko janm rive
Tèt ansanm ki fè sa, se structure ki fè sa
Musicien trayi musicien
Vann figi yo pou de gouden non, non, non
Encadrement ki fè sa, gouvènman ki fè sa

Monsieur le minister, sa w te fè pou Nemours, Anyen non
Monsieur le gouverneur, sa w te fè pou Sicot, Anyen non
Guy Durosier, Dadou, Ticot, Robert Martino, Anyen non
Dieudonné Larose, Schoubourt ap Manno, Anyen non

50 ans konpa ap flote
Kijan l fè poko janm moute
Tèt ansanm ki fè sa, se structure ki fè sa
Musicien trayi musicien
Vann figi yo pou de gouden non, non, non
Encadrement ki fè sa, gouvènman ki fè sa

Monsieur le minister (oh sorry),
So w ko fè pou Douby, anyen non
So w ko fè pou Arly ak Daniel Larivière, anyen non
Fabrice Rouzier, Tantan, Alan Cavé, Anyen non
Monsieur le gouverneur, sa w ko fè pou Richie, anyen non
Pou jan l travay

[Horns]

Bon pwoblèm yo fin ekspoze la,
Archilles Saint-Hillaire, ou mèt pote champagne la wi
What's you gonna do?
We gonna rock the party, blast the party,
Jump the party, freeze the party,
Freak somebody and leave the party to the after party

[Guitar Solo]

M pa konn sa w t ap tande avan sa
Ni m pa konn sa w pral tande aprè sa
Men la, se sa w ap tande kounya la ki konpa

Epi Richie, sèvi avè yo
Hands up
Put them up, put them up y'all
Yes yes y'all, pou konpa direk
Hands up
Epi fò n di Nemours mèsi
Hands up
Pou tout nom nou pa site yo
Hands up
Ti Manno, Coupé Cloué, et j'en passe
Hands up
One love, One love, Respect y'all