Savalou • Zafem

ADDED BY ZOKLO (OCT 17, 2019 AT 11:49 PM) 8,251 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019

[Reginald Cange]
Sa va lou wi mes chères citoyens
Sa kap pran ak sa k pa di anyen
M a doulè a la nan tout rakwen
Ou ka vle inyore l kanpe lwen l
Li fin ta n ap di l bonè
Sèl okazyon nou se misyon pou lapè

[Dener Ceide]
Nan gran ravin sou bwa geto yo toujou g on men
K ap manipile
Nèg ki lekòl k ap kenbe galil nan men l
Nan bidon vil Ayisyen ap viv an ekzil
Nan peyi l
Otorite w pa ka pran pwòp pèp ou kòm enmi w
Ou la pou sèvi l

Ayisyen, nou gen moun ki te batay
Ewo nou yo pat batay pou sa
Pou n pat konsa jann ye la
Ewo nou yo pat batay pou sa

Pa wè ou pa wè
W ap fè kòmsi w pa wè – e w konte kòb chak jou
Ou wè, ou wè, ou wè
Pase Stevie Wonder

[Reginald Cange]
Lajistis toujou pi prese pou trase lekzanp sou malere
Men mèt afè a ap byen sikile se yo k pi gwo privileje
Yo fin pran epi y ale san yo pa negosye
Peyi sila ap viv kou òfelen nan mitan yon bann gwo je

Pa wè ou pa wè
W ap fè kòmsi w pa wè
Ou wè, ou wè, ou wè, ou wè
Pase Stevie Wonder

El maestro, pale

[Dener Ceide]
Sa fè kèk tan la n okipe men sanble sa pa deranje
Frè nou yo nan gouvernement sa yo k nan gran pozisyon
Pifò vle pran epi y ale san yo pa negosye
Peyi sila ap viv kou òfelen nan mitan yon bann gwo je

[Guitar]
Lalala
Dener Ceide ki la

Sispann jwe ak peyi a, jwe ak peyi a
Sa nou wè yo bay dlo nan je
Sispann jwe ak peyi a, jwe ak peyi a
Lavi moun se bagay serye

[Reginald Cange]
Wi m ap di unissons nou pandan m konnen pami nou
Gen sak pa janm dakò, yo ta prefere lanmò
Men li ta bèl si kèk nan nou va chwazi defann peyi nou
Pran richès nou ak fòs nou pou n sove lonè n
Kilè rat kay va sispann manje pay kay

[Dener Ceide]
Mwen bouke di unissons nou pase m konnen pami nou
Gen sak pa janm dakò, yo ta prefere lanmò
Men li ta bèl si kèk nan nou va chwazi met granmoun sou nou
Pran richès nou ak fòs nou pou n sove lonè n
Men kilè rat kay va sispann manje pay kay

[Keyboard]
Zafèm lage
N al chache
Lavi an vwayaj, men penitans gen jou l

[Outro]
M pa kont pèsonn oh, paske nou tout se frè
Men verite pa zanmi moun ki annafè
Si w wè m an kòlè se lè m wè fanmi m yo
Jan n ap jwe ak lavi yo
M pa kont pèsonn oh, paske nou tout se frè
Men verite pa zanmi moun ki annafè
Si w wè m an kòlè se lè m wè fanmi m yo
Jan y ap manipile yo