Asuiv • BIC

ADDED BY ZOKLO (OCT 5, 2019 AT 12:54 AM) 6,758 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2019
Lyrics by: BIC

Lè m ri sa fè m santi m pi byen ke lè m kriye
Se pou sa m pa janm monte sou yon sèn ak dlo nan je
Kòm chante se pi bèl fason pou m priye
M pa met lafwa m nan relijyon pou l pa andomaje
Mwen konnen nou li biyografi m de tout fason
Mwen konnen nou konnen sa m fè m nan kèk lòt nasyon
M pa diferan ke Jezi Kri li fèt nan on pak bèt
E fèt nan on kapital ki tounen yon pak kochon
Antanke ti kochon m fè valè m
E yon jou m mande paran m poukisa djòl pwezi m long konsa
Yo reponn yo di m se vini wap vini
Ayiti pa kwè nan valè on lè wap konprann sa
Jodia mesye m regrèt m tal lekòl
M boule plis ke katòz zan malgre sa m ap boule kawotchou
E si m poko boule tout vye sètifika sa yo
Se paske manman m vivan se swè kò l ki te peye pou yo
Nou gagannen jenès la met deyò
Y al pran kout mato sou dwèt nan kloure kalòj pou chyen laba
Si w rankontre yon moun ak diplòm isi
Se paske li gen yon paren oubyen li pa gen viza
Depi m gen konesans n ap kalewès
Ghetto polis pete bal leta pa pete ban n santi
M gen de pitit fi DDS atis peyi pete chawa fè m oblije fè yo pati
An palan de atis mesye chapo ba
Nou detronnen machan pwason mesye chapo ba
Gen nan nou ki vin lidè mesye chapo ba
Nou ranpe tankou kalmason mesye chapo ba
M pase pran medya gade chapo ba
Nou pwomote sa ki pa bon yo mwen di chapo ba
Kòm pa gen pwomosyon san pwomotè
N salye pwomotè HMI atis san dwa dote
M bouke franchman m bouke chita gade bouki k ap fè ti Malis wouke
M bouke men wi m bouke wè ti jèn tounen toutous
Granmoun yo zo bouke
Ayiti cheri m konnen w pral reproche m
Lè w tande m al viv nan yon lòt peyi ki anboche m
M konn tande jan w ap reproche atis avan m yo
Se pa yo ki deside se leta Ayisyen ki vann yo
Yo peyi k gen senk pwoblèm koripsyon, koripsyon, koripsyon, koripsyon, koripsyon
Sou senk moun gen kat koriptè
Li pi difisil pou w respire ke pou w viv nan koripsyon
Nan bwat leta yo gen twòp moun ki bezwen resikle
Nan bwat leta yo gen twòp moun ki bezwen retrete
Nou chaje jèn fanm ak nivo men patwo yo jis mande ki nivo jip ou ka leve

M poko fini
M poko fini
Tizon dife poko fini
Ret branche

Lekòl te toujou tèt anba men m te toujou sou bèt
M pat toujou dakò ak paran m men m te toujou soumèt
E depi le Tizon dife a nan mizik
Li montre ke nan mitan bouyi vide pwezi ka toujou gen mèt
Men antre nou PP si w pa renmen labou
Kisa wal fè nan chanm pouki w pat chita nan lakou
Ou eksplike m men m toujou poko konprann
Leta pale de peyi m tankou l tap pale de fant janm
Entèlektyèl leta pa bezwen w
Si gen kolòn vètebral leta pa bezwen w
Malere onèt leta pa bezwen w
Ti sourit vle manje pwezi m leta pa bezwen m
Nou gen gaz nan vant pa gen gaz nan pomp
Pèp la pran lari pou l mande leta pote l sekou
Antretan gen lòt moun ki gen gaz machin blende
Gwo sekirite pou transpòte poupou
Nou la kèk jou n ap siveye lè m grangou
Pou n fè m pwofite manje tout bèl pwezi mwen ekri yo
Nou la kèk jou n ap siveye lè m razè
Pou n pwofite fè m chante vye mizik k ap pale bè yo
Tizon dife chape déjà n pa ka ba l maljòk
Tizon dife pa nan chante pou boujwa malpwòp
M te bezwen peyi pou pitit mwen te viv
Nou fòse m fè yo ale bagay sa fè m mal twòp
M pa gen anyen pou m pèdi tout sa m pwosede se pwezi m ki ban mwen l
E pou tout pwomotè k tap ban m dan di rat rat rat men yon bèl grenn dan
M ba pou wa ban m yon vye dan pouri
An palan de pwomotè kisa n ap pwomote
Nou panse m tap pote talan m ba nou pou nou gagote
Si yo te gen mikro nan pantalon yo
Gen atis ki tap di nou se bourike n ap fè yo bourike
Tizon Dife a se yon boss pa atann m ap vin mande vye favè
M gen lontan m ap chanje pòs
Dlo pwòp ak dlo lalou pa gen menm save
Respè pou kè animatè ki etidye ki nan mikwo ki konn sa y ap fè
Respè pou kèk jounalis ki bat bèt ki kenbe tèt ki kwè nan tèt yo
Pou tout machann mikwo k ap brase brase brase bil atis
Si m pa pot album nan radyo ankò
Se paske etranje pa pote yo men nou toujou woule gratis
Adolesan nan alkòl ak sigarèt
Palman tankou yon kanson san bragèt
Mesye le majistra pa gen poubèl menm pou lakay li
Prezidan pa vle met pantalon nan tay li
Gen yon bann moun nan lopozisyon
Frè m ki pa gen vrè pozisyon
Gen yon bann lot nan gouvènman
Kwè m yon pye deyò yon pye andan
Lè w kenbe pye yon vòlò lavil
Nan rale w reyalize tèt la se Petion Ville li ye
Si w kenbe drèd yo nèg Petion Ville
Gade si se pa perik gendwa se tèt kale l ye

Onètman m pa kwè m prè pou m mouri pou Ayiti
Men kòm mwen prè pou m mouri ak diyite
Genlè fò m ta fon ti kite Ayiti
Gad on kesyon
Gad on kout pik

M poko fini
M poko fini
Tizon dife poko fini
Ret branche


BIOGRAPHY
  • BIC marries rap and folk to deliver poignant critiques and observations of the Haitian society. In 2000, he launched his musical career as a member of the rap group Flex. Then he formed the duo BIC (Brain. Intelligence. Creativity.) and adopted the acronym as his stage name. In 2010, he went solo and started his record label, Tizon Dife Records. Since 2006, BIC has served as Goodwill Ambassador for several organizations, including the Haitian Basketball Federation and SPEDH (Support Social pour les Enfants Démunis d'Haiti. Since 2012, he has served as Ambassadeur de la Francophonie alongside BélO and Jean-Jean Roosvelt. In 2014, BIC won Institut Français's VISA pour la Creation residency and spent three months at the Cité Internationale des Arts de Paris completing his dual language album, Recto-Verso. His sixth album, Vokabi-Lari, was released in May 2016.