Plan B • FLESH

ADDED BY PHKATHIUS1 (AUG 11, 2019 AT 10:51 PM) 4,185 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019
Lyrics by: Cardial Saint Fleur

[Refrain] 2X
Plan B yeah yeah
Se Plan B li ye

[Verse 1]
M'te pasyone, obsede
A ou m'te atache
Pèsonn pat janm oze kesyone senserite'm
Nan yon lanmou san fòs kote
Mwen te ofri'w tout amitye'm
Pou mwen lòt fi pat egziste
Ou kase kè'm
Ou fè'm desu m'te ba'w lanmou
Ou pat merite m'pat gen le chwa
Ou kase kè'm, fè'm regrete
M'pa gen lòt opsyon non non non non ke plan B

[Refrain] 2X
Plan B yeah yeah
Se Plan B li ye

[Verse 2]
Pa pran pretèks ke w'ap chanje
S'on fason pou'm padone'w
Pa di'm moman feblès ou
Pou'm aji ak politès
An moso mwen santi kè'm brize
Nan gran lari vi'm ekspoze
Mwen bezwen yon fi pou'm met sou do
Pou'm fè ti bo, pou'm jete dlo

[Verse 3]
Eske sa pa janm rive'w w'ofri kè'w tout antye
Ak senserite sans arrière pensée yeah yeah
San ou pa janm jwenn resiprosite
Ofri kè'w tout antye ak yon moun ki pa merite'l
Ouh ouh ouh ouh

[Hook]
Opsyon mwen se Plan B
Pa gen lòt opsyon se Plan B
Opsyon mwen se Plan B

[Bridge]
M'ba'w lanmou, m'ba'w afeksyon, ou inyore'm
(Se Plan B li ye)
Ou fè'm santi'w pa bezwen'm ankò
Ou fè'm santi'w pa sou mwen ankò
(Se Plan B li ye)
Ou pa konnen gen lòt k'ap soufri
Pou yon moun tankou'm
(Se Plan B li ye)
Ki pap meprize lanmou'm
Ki pap pran'm nan move kou
(Se Plan B li ye)

[Hook]
Opsyon mwen se Plan B
Pa gen lòt opsyon se Plan B
Opsyon mwen se Plan B

[Bridge]
M'ba'w lanmou, m'ba'w afeksyon, ou inyore'm
(Se Plan B li ye)
Ou fè'm santi'w pa bezwen'm ankò
Ou fè'm santi'w pa sou mwen ankò
(Se Plan B li ye)
Ou pa konnen gen lòt k'ap soufri
Pou yon moun tankou'm
(Se Plan B li ye)
Ki pap meprize lanmou'm
Ki pap pran'm nan move kou
(Se Plan B li ye)

[Outro]
Ouh ouh ouh ouh
Se Plan B li ye...