Krazèd Fwaye • Roody Roodboy

ADDED BY ZOKLO (JUL 12, 2019 AT 11:01 PM) 15,181 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2019
Featuring: Oswald

[Verse 1]
Mwen se moun legliz gason yon sèl fanm
Men ou ap ban m tease ki mache nan san m
Mwen ap eseye pou m pa tonbe landan l
Men w soti pou w fè m twonpe madanm mwen ki renmen mwen
Ou nan yon misyon pou w fè m peche madame
Ou fè mwen pèdi jekwazandye mwen
Hmm pa fè m sa

[Hook]
Tante oh, gade kijan m tante
Gad jan ou fè ekspre panda w konnen m marye
Tante oh, gade kijan m tante
Gad jan ou fè ekspre ou son krazèd fwaye

[Verse 2]
J’vois déjà ce qu’elle attend de moi
A moi elle veut se coller coller coller
C’est dur mais je n’ai pas le choix
J’vais finir par tout donner donner donner
L’infidélité ce n’est pas moi
Ce n’est pas dans mon éducation
Je me demande comment je peux finir dans ce genre de situation
Elle n’est pas obligée de dire un mot pour me rendre loco
Elle sait déjà que j’ai ma go mais elle insiste comme un loto
Elle veut m’emmener dans son bando
Faire une séance de rodéo
J’n’ai pas envie d’etre infidèle
Mais en ce moment la je pense qu’a elle. Ehhh

[Hook]

[Keyboard]

[Verse 3]
Mezanmi bagay la rèd la, la chair est faible
M pap pran nan tantasyon ak Bondye m vle ret entèg
Antanke kretyen chak jou m ape preche onètete
M santi m peche chak fwa je m tonbe sou gwosè tete l
Tonbe djab, aba Satan
Fruit défendu saa m pa kole dan m ladan
Madame lan bèl a mò (li bèl amò)
Li rèd a mò (rèd a mò)
Men si m oze manyen l, men mwen men lanmò
Se premye verite ke m pa ka di
M pap kite santiman saa fè m al pèdi parade

[Keyboard]

[Outro]
Malgre w konnen m marye w ap agase m – krazèd fwaye w ye
Ou wè m ak madanm mwen wape gade m – krazèd fwaye w ye
Ou pa care, ou pa care – krazèd fwaye w ye
An verite devan Bondye machè ou son – krazèd fwaye