Padon • Willylyrics

ADDED BY WILLYLYRICS (JUL 2, 2019 AT 3:01 PM) 4,283 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: Apogee Du Slam
Year: 2019
Featuring: PROD.snaky
Produced by: Snaky & Adriana
Lyrics by: Willylyrics

Jodia m vin adrese'm ak ou
Wi, ou menm ki se [future generation] sa
Yon prochén generasyon ki aneyanti,
San avni, mw pran devan...
Pou'm vin mande'w padon
Wi padon
Nan non nou tout aktiélman
Mpa konn kòman wap tande'm
Ni ak kisa wap gade'm
M'espere wap padone'm
Nan yon mond kriminél
Mwen vin diw ke'w pa koupab

Wa eksize'm
Si jodia ou ta ap mange até
Mw te gen chans sou tab
Pou ou mpat janm fé plas
Men m' vin diw ke te yon generasyon
Avan men ke'n pa kite tras
Nan ké'n pat gen lanmou
Men nou tap prononse madichon
M di'w padon men...
Pa gen eskiz mw ka ban nou
Te plen opsyon pou'm te change kondisyon
Nou te toujou kwé nan prezidan
E se sak bannann nou
Mw vle ke'w fé eksperians pa'w
Difisil pou'w jwenn sak bon nn nou
E kék fwa nou di ke'n pa prale
Ti monnen fé'n monte a bord
Se vre'n te gen [ L'ART DE PARLER ]
Men yo fé'n kwé k [le sillence est d'or]

Wi padon...
Eskize'm si interé'n yo te pésonél
Jodia mw vin mande'w padon
Mwen c just pou'm ka gen soméy
En vré nou te plante [la haine]
Sa'n ka espere rekòlte
M konnen fatra nan chak kafou
Men sou sa mw ka egzòte'w
M'espere ke wap pi fò
Lé'w ap revòlte lajan pap ka kase fe'w
Ou ka gen respé pou granmoun
Men lé'w fache sa pap anpeche'w frape pye'w

Ah pad...
M konnen si'w jwenn mwen
Ou ta dwe pran'm nan kòlét
Ee edikasyon'w pat prime
Ou ka konte lekòl sou dwét
Men n'anpile ak bòlét
E surement ti-moun ak zam
Pou ou se yn "fait normal"
Non sa pa moral
M fé'w bagay ki enpadonab

Men m diw padon...
Pa etone'
Si'w wé kék moun fin pédi sans yo
Si'w remake
Pa gen prison pou moun puige penitans yo
Domag [ grace ] pa desann
Men se pa priye'n pa priye
Sorry si'w pa konn gran paran'w
Coz nou tout fin epapiye [chile,brasil,dr,]

De jou en jou bagay yo ap pi di men..
Pa pran nan piki kalman
E si jodia wap soufri
Se pa fòt ou non, se fòt generasyon pam nan
Nou pat vle pran desten nou en men
Sou tét nou gen yon bann koronpi
Nan yon [monde technology]
Ou pap jwenn yon medsen féy
Ni yon bon lopital non plus

Ah padon
Mgen twòp eksplikasyon pou'm baw
Mpa konn ki kote pou'm kòmanse
Kòman pou'm di'w ke
Nou te chage resous, yo just mal utilize
Eskize'm si 25 ans apre 12 janvie nou toujou sinistre
M santi'm boulvése, terifye'
Puiske... olye de [heritage]
nou kite [dêtte] pou'w peye,
E menm pitit, pitit ou en guise de
[conquêtte de richesse] li pral travay pou'l kreye
M santi doulé'w se domag mpaka ede'w
Nou te toujou di ke granmoun avan yo echwe
Men rezilta klé se nou ki dejwe'w
Yon ti kout message vers le FUTUR
Mkonnen yap eseye kache'w
Se vre tout moun IMPARFAIT
Men c sure kew tap fé mye
si'w t konpoze PASE'W

Ah padon
Mw vle di'w kòman... mw santi'm
WL: you know what ? ann bay vag
PR: yow what are you doing, keep going, [keep going]
WL: men a koi bon pou'n ap pale ak yon moun ki pap janm gen chans anfas nou
PR: no keep going man
WL: ohw ok, ok

Banm pale ak generasyon aktiél la
Li poko twò ta pou'n pran plas nou
E menm ke vi'n pa ta gen sans
Men nou ka bay sa'k ap vini yo yon chans
Pou yo espere,
Lé sa olye nou ba yo eskiz
Ya va gen rekonesans
Lé yo wé kisa pou' yo nou te sere
Wi la jenés nap kanpe anfas
Tout yon syste'm se sak lidea
Nap met tét ansanm pou'n constui
Pa pou'n detui,
Pou'n jwenn kòb petro karibe ah