Sam Fè Yo • Tounad

ADDED BY ZIRCARMELDORCELY (JUN 26, 2019 AT 5:39 PM) 3,670 VIEWS EDIT

Genre: Rasin
Year: 2019
Produced by: Socrate Klak
Lyrics by: François Makenzy, Charles Yavensky, Chéry Casimir,

[Intro]
Se wè yo pa vle wè mwen
Yap fè konplo sou do mwen
De pye devan yo ta vle wè mwen
Pretem you balèn poum limen poum ka wè sam fè yooooo

[Verse - Chéry Casimir]
Konnen byen m se papa Legba se mwen k bay pasaj se la
Pou pase sou gran chimen kanpe nan kafou gran simityè m’se Lwa ginen
Marasa ma di one pase pran Choukèt St.Nicolas a ti Sole
Trase Vèvè rele Wèdo sam fè yo sak anfas mwen mpa pè yo

Se gwo nèg Nago devan gason lagè wet chapo
Nou se Kouzen nèg anwo sou tèt mòn nan Tounad zèl nan do
Nou respire anba dlo Agwe wounyò Immamou Lèlèwo
Ayizan Vélékété kap klere Èzili Malachi Hey! rele kéké .

[Chorus - Dupré Josué]
Se wè yo pa vle wè mwen
Yap fè konplo sou do mwen
De pye devan yo ta vle wè mwen
Pretem you balèn poum limen poum ka wè sam fè yo.
Sam fè yo(3Fwa)

[Verse - François Makenzy]
Se wè yo pa vle wèm mwen map mande sam fè yo
Pale yo pa tandem men pi devan ma wè yo
Malfèktè k vle barem chak lèm vle vanse
Kou fanm ki pa renmenm kap fèm depanse
Met pwazon nan mikwom chak lèm vle chante
Koum al nan peyanm pou ou wap rete tande

Wi mtandem chaje ènemi,mwen mkwè nan talanm mfèk kare fè bri
E anfas mwen w fèk kare febli a minwi èdemi wap toujou dèyè nego follow me
Lakou Souvnans piti pa bay piyay,siw vle tankoun se aprann pèdi nigth
E’n gen tout may yo n’sou tout ray yo nan tout radyo n’boule tout MIC yo.

[Verse - Charles Yavensky]
Yo met baryè sou chimen’n mkonn sa kap teke pye’n
Trase wanga mkonn sak ta vle pyeje’n
Sak te eseye wè gen granmoun nan kay la
Dèyè yo’n priye Ade Douwe Danmbala
Koz avantou mse mapou m se nèg gran lakou
Lèm pa wè devanm mwen rele mèt kafou
Èzili Dantò montre’n jan pou’n pare kou
Devan sak vle’n tounen dèyè

Pandan nap leve twofe yo vle kofre nou
Nap veye kote nap met pye nou
Yo bezwen fè’n mache ajenou,tout kote’n met chalè kou Agawo
R.I.P my neggea Pololo Denissé menm siw pa la nan kè’n wap viv ankò
Prensip lan se rete pou lite nan peyi’n men gen plizyè’k tonbe’k pat antò.

[Chorus - Dupré Josué]
Se wè yo pa vle wè mwen
Yap fè konplo sou do mwen
De pye devan yo ta vle wè mwen
Pretem you balèn poum limen poum ka wè sam fè yo.
Sam fè yo(3Fwa)

[Bridge - Dupré Josué]
Yo chachem yo chachem jiskaske yo fèm pa di Aho
Yo pale yo pale moun yo pale pi mal pase jako
Moun yo san konsyans hooo...
Lapriyè Bondye pou yo la epanye yoooo…

[Verse - Cator Angelo]
Yo mèt pale nan dyòl yo pap rive sou nou sant lan e nan nenw li ye
Nou se sòlda’n pa janm pèdi batay nou chaje ak boukliye
Nou pran RAP la pou cheval nou mikwo’n se manchèt nou nan nou’w wè Ogou
E chak fwaw fin tande nou ou paka pa di e redi o o o o o li gou
Tounad pap kraze wooo menm si nou anba trèt yooooo
Moun yo san konsyans ooo lapriyè Bondye pou yo la epanye yo.