Relation Douteuse • Disip

ADDED BY PHKATHIUS1 (JUN 20, 2019 AT 5:21 PM) 5,372 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Loreya
Year: 2019
Featuring: Guybenson Myrtil

[Intro]
NSD
Gazzy
Guybenson

[Verse 1 : Guybenson]
Istwa de moun nan relasyon
Youn renmen lòt jiska lanmò
Men youn pat janmen fè lòt konfyans
Vire tounen yo nan diskisyon
Chak fwa mennaj la f’on ti soti
San reflechi l’pran fè jalouzi
Anpil kesyon toujou ap poze
Fè li bagay ki pat sipoze

[Chorus : Gazzman]
Nan yon relation douteuse
Tout malè ka rive
Si pa gen konfyans
Relasyon an san asirans
Nan yon relation douteuse
Sa pa janm byen mache
Toujou pale anpil
Dèfwa se move kalkil
(Anpil renmen kraze deja paske youn pa kwè lòt)
Souvan se de moun youn renmen lòt
De moun ki renmen ak senserite
Dout arive fè yo separe

Guyby chante non
Oh oh oh oh

[Verse 2: Guybenson]
Li santi’l pa byen l’al lopital
Doktè a di’l kè’l pa nòmal, oh oh
Cheri a menm pat ezite
Pou’l di doktè a li dispoze
Se lè sa misye resi kwè
Cheri a renmen li tout bon vre
Gen de moman ki gen nan lavi
Ki fòse ou plis a reflechi

[Chorus : Gazzman]
Nan yon relation douteuse
Tout malè ka rive
Si pa gen konfyans
Relasyon an san asirans
Nan yon relation douteuse
Sa pa janm byen mache
Toujou pale anpil
Dèfwa se move kalkil
(Anpil renmen kraze deja paske youn pa kwè lòt)
Souvan se de moun youn renmen lòt
De moun ki renmen ak senserite
Dout arive fè yo separe
Dout arive fè yo separe
Yelelelelelelela

Sa se istwa pa’l
Istwa pa’m
Istwa pa’w
Bonjou

Oh oh oh oh, oh oh oh oh
Gazzy Gazzy Gazzy
Zizi bèl dwèt

Cheri ou mèt fè'm konfyans

[Hook]
Youn toujou renmen lòt jiska lanmò
Men youn pa janm fè lòt konfyans ditou, ditou
Ditou ditou

[Bridge : Guybenson]
Depi cheri a soti (lè mandanm mwen soti)
Mwen te toujou ap nwi’l (mwen te toujou ap nwi’l)
Lespri’m pat janm an pè, poutan li te sensè avè’m
Non mwen pat janmen kwè’l (non mwen pat janmen kwè’l)
Pouki dout fè sa li vle (pouki dout fè sa li vle)
Nan pifò relasyon se youn nan gwo pwoblèm
Ki koz diskisyon e menm divizyon

[Hook]
Youn toujou renmen lòt jiska lanmò
Men youn pa janm fè lòt konfyans ditou, ditou
(Ditou ditou) ditou, ditou

[Bridge : Gazzman]
Depi cheri a soti (lè mandanm mwen soti)
Mwen te toujou ap nwi'l (mwen te toujou ap nwi'l)
Lespri’m pat janm an pè, poutan li te sensè avè’m
Men mwen pat janmen kwè’l (men mwen pat janmen kwè’l)
Pouki dout fè sa li vle (pouki dout fè sa li vle)
Nan pifò relasyon se youn nan gwo pwoblèm
Ki koz diskisyon e menm divizyon
Oh oh oh